Histoire cachée

Histoire cachee.
Chak moun gen yon histoire cachee.
Ooooohhhhh.
Defwa gen de kestyon'k poze Men repons yo pa janm rive.
Pou kenbe yn stabilite, gen detay k'antere.
Tout verite pa bon pou di wi sa tout moun dako sou li.
Pou evite we lot soufri
n'anterel pou lavi.
Paske kwe mwen gen verite ke tt moun pap ka sipote
Gen sa ki mennen ke sere
gen sak met difr nan fwaye
Ou met gen tout bon volonte
w aji an tout senserite
Sou wout ou reg sa aplike.
Chak moun gen yon histoire cachee

Gen moun mw tande kap pale
Ki di se eksepsyon yo ye.
Yo pa gen anyen pou kache
Tout dwan louvri yo devwale.
Men lew gad pa anba
M pap pale papa.
Pou yo kachel deye yon dra
Pran poz se lot ki la bet nwa.
Zanmim fe entewogatwa
Ka tonbe s'on paket istwa
Defwa pou yon moun reyisi
Ou ka sezi we mwayenl chwazi.
Konbyen seman damou'k brize?
Ak doub idantite'k kreye?
Sim pran site n pap janm kanpe.
Chak moun gen yon histoire cachee.
Gen yon histoire cachee.
Ou menm, mwen menm.
Nou tout dako sou sa
Istwa kache pa manke sa
Men m gen kesyon pou nou.

Ey, se pa tout bagay lot la vle di.
Men onon de lanmou kew gen pou li.
Eskew pare pouw gadel nan je
Dil c du pase.
Essplikel ohhh, kelkeswa sal ta ye
Lanmou pap janm chanje
Gadel nan je, dil c du pase.
Gen situasyon ki mande pouw saj.
Pou saw bezwen pasyans avek kouraj.
Gadel nan je, c du pase.
Wi sa ka rive ti kew sansib.
Men gen bagay ki irevesib.
Sa pouw fe se just gadel nan je
Pouw fel konnen sa pap chanje.
Vicky fe yo konn sa.
Ohhhhhh.



Credits
Writer(s): Dj Flo, Dr
Lyrics powered by www.musixmatch.com

Link