Wale

Yon madi maten
Pa menm sonje poukisa nou bougonnen
M ap ret tann ou vin pita, ou pa retounen
Kèk fwa nou konn diskite
Se premye fwa n pa rekonsliye
Koz latè ki tranble

W ale
Pa menm konn si w padone m
W ale
Nou pa menm gen tan repale
W ale
Pa menm jwenn kò w pou m antere
Lanati ou fè m mal
Lanati ou fè m mal
Lanati ou fè m, ou-ou-ouh!
Lanati ou fè m mal
Lanati ou fè m mal
Lanati ou fè m, ou-ou-ouh!

Lanati fache
L al ak tout sa m posede
M santi m pa egziste
Paske avè w m te toujou vle ye
Men avè w, l ale
Pa janm sispann mande pouki
Konsa san atann se ou l chwazi
Oh gad'on Jou, m a di

W ale
M pa menm konn si w padone m
W ale (w ale)
Nou pa menm gen tan repale
W ale
Pa menm jwenn kò w pou m antere
Lanati ou fè m mal
Lanati ou fè m mal
Lanati ou fè m, ou-ou-ouh!

W ale (w ale)
Pa menm jwenn kò w pou m antere
W ale
Nou pa menm gen tan repale
W ale (oh-oh-oh)
M pa menm konn si ou padone m
Lanati ou fè m mal, mal, mal
Lanati ou fè m mal
Lanati ou fè m, ou-ou-ouh! (Lanati ou fè mwen, ooh-ou-oh-ouh)

W ale, w ale, w ale, w ale
Oh-oh-ouh-oh-ouh
W ale, w ale, w ale, w ale
Ooh-ouh, ooh-ouh, w ale



Credits
Writer(s): Rutshelle Guillaume, Jean Jean Roosevelt
Lyrics powered by www.musixmatch.com

Link