Poukisa (feat. Richard Cave)

Mwen fe tout sa'm kapab
Pou'm fe'w kontan
Ou neglije'm, cherie

Desfwa, m'ap rele'w pou'm di'w
Mwen sonje'w
Ou di'm sispann anmede'w

Devan tout fanmi'm
Devan zanmi'm
Ou meprize'm Poukisa se mwen ki pa fe'w anyin
Ou toujou ap umilie Poukisa
Se mwen ou toujou ap fe soufri
Se mwen minm ou pi mal trete
Se mwen ou pa respekte
Et ou konnin mwen rinmin'w
Mwen konnin bon Die pa bay "peine sans secours"
Tout la priye gin Amen
Dlo nan je'm gin pou'l seche
Yon jou, w'a regrete

Mwen konnin
Bon Dieu pa bay peine sans secours

Ou soti ou pa rantre
Ou pa rele
Pa janm fache
Mwen toujou sou jenou'm
M'ap lapriye
Pou pa janm frape male
Ou fe'm sa ou vle
Di'm sa ou vle
Pa replike
Poukisa se mwen
Ki pa fe'w anyin
Ou toujou ap fe kriye

Poukisa
Se mwen ou toujou ap fe soufri
Se mwen ou pi mal trete
Se mwen ou pa respekte
Et ou konnin mwen rinmin'w
Mwen konnin bon Die pa bay "peine sans secours"
Tout la priye gin Amen
Dlo nan je'm gin pou'l seche
Yon jou, w'a regrete

Lanmou cache
Cache nan yon lot katye
Mwen bouke soufri
Ki le'm va jwenn lanmou
Pi gwo mal ke mwen fe'w
Se renmen-w ak tout ke'm
Mwen travese "les interdits"
Jis pou'm ka fe'w souri

Ou menm s'ak fe'w plezi
Se le'w ou we'm m'ap soufri
M' konnen lavi poko fini
Yon jou ma jwenn lanmou

Pi gwo mal ke mwen fe'w
Se renmen-w ak tout ke'm
Mwen travese "les interdits"
Jis pou'm ka fe'w souri

Ou menm s'ak fe'w plezi
Se le'w ou we'm m'ap soufri
M' konnen lavi poko fini
Yon jou ma va trouve lanmou



Credits
Writer(s): Gazzman Couleur Pierre
Lyrics powered by www.musixmatch.com

Link