Jounen Nwa, Nwit Blanch

timoun kanpe nan kafou ak twal nan men, anba flanm soley midi, ap tann feu rouge, pou siye machin lè chofè bay feu vert
moun juvenat ki dsann lavil oblije pase pa PV paske boudon pa bay sou kanapevè!
se pa tout jounen'k ka fè'n wè memsi'n gen je
men se fènwè'k fè'n wè machin ki gon grenn je!

kòk yo tap chant'an kanon dènye kouplè koukourikou
ki koumanse apre minwi pou rivr douvan jou
fey ki sech tap trepase
yo kole de jistès nan branch ap tann premye briz van maten pou detache
se pa moman pouw tande melodi zwazo chante, kakofoni kap degaje
ki fè fanm ansent kouche sou vant paskel paka kouche sou kan
bayakou ap chache wout poul desann pant
im nasyonal chante, elev lekol nan kabann, jou lendi pouw rive vandredi klas paskel dwe
lekol ki pote kalifikatif prive
san rezistans okenn enstans li poze enperatif pri'l vle
9h, se lè banbòch ak inifom ti plat nan poch
10h kwi pov yo vid, chaje sitiyasyon mizè rich poko viv
midi se lè blokis nan reset bis petyonvil hook PIC&Doc Filah -bezwen limyè, bezwen klète, aktivite pou chache bras
yo bzwen soley kouche ranje kbann mwen mpa gon bras
-may moulen paka pòtòf, jounen an nwa
-pase nwit blanch
kantite vè nou kole ka fon stròf

V2-PIC
han, lè limyè solèy fè chich
zwazo antre nan nich
kou'l fè bren, nan jaden plezi bel flè san zodè fè beach
e nenpot ti bri fè eko
nenpot ti tree fè neko
fè repo pou fatig, fènwè fè'n wè tèt nou petet tou fè'n ego
ou wè neggo lè moun blanch nan krepiskil
tet gridap vibe peristil
nou eklere men'n ekere lè peyi'n still
nan black out, pou lannwit pote konsey
men lè ou sèl, sitou nan sèy obskirite fè esèy li ansèy
gon nonb raj, nan arimaj
kap pranw a nenpot nonb laj
rache pwel jwenn ak chanpwel pa met espwa'w sou lonbraj
lannwit tout chat gri, pa konn sa'k femel sa ki mal
se sa ki bal
opotinite avel poul fè sa ki mal
animal klere pou je
lalin te vle bouje
fredi anvayi tet bwa menm madan sara vle mouche
jounem poze kou ma #Kafe e se nwit mwen'k pral an #thé(ante)
lè tchyovi yo prale lekol se lè sa mwen'm pral antre.



Credits
Writer(s): Pascal Jeanjacques
Lyrics powered by www.musixmatch.com

Link