Dekolonizasyon

Si n vle dekolonize mantalman
(Blaze One vètè)
Si n vle dekolonize moralman
(OGF toutan)
Fò n leve kanpe pou n kraze prizon
Si n vle viv jan n vle fò n pran desizyon
Si n vle dekolonize mantalman
Si n vle dekolonize moralman
Fò n leve kanpe pou n kraze prizon
Si n vle viv jan n vle fò n pran desizyon

Yeah, Se pèp nwa, pèp lib
Pèp fò, nasyon k gen kouraj
Nasyon k plen ouvraj
Pasyon n plen outraj
Aksyon n plen tout laj
Pòtòprens sèk met egzèsis ekspresyon chèn nan tèt
Avi aboli k vin ramoli san depresyon ankèt
Dans la colonie, y aprann nou se byen mèb
Yo fè n travay tè san angrè aprè tou n rete fèb
Yo fè n kwè nou plis ke bèt, mind nou ante
Vi nou sengle
Bay nou legliz pou n repanti, fè n aksepte ke nou senj vre
Men si n ap swiv, jounen jodi wap wè esklavaj kontinye
Rasis ap ravaje, s on ogmantasyon kap konsinye
Sou latè, lèzòm sede
Yo kwè nan chè ki nouri chè
Peyi k gen moso kichòy, plis envesti l nan sous richès
Lèzòt kwense n, zòt piye n, zòt divize n apre lit la
Vin fè de Ayiti wè pi gran kou bèl amerik la
Se pa san rezon pitit tè sa ap drive nan salte
Pran rak bwa, janbe fontyè al fouye nan duarte
Sak ka travay, ranje ponyèt al koupe nan bate
Se pou n montre n, esklavaj la ap sible yon kalte
Sak ban n kout men, enperyalis ekrokri gran flatè
Depi lontan kap souse san n, e k rann fanmi n anba tè
Oh God, yo fè n toujou dèyè, esklu n nan lis la
Yo ban n tranbleman tè, yo di n se Kris la
Yo maltrete n, yo vyole dwa n, yo pase l anba pye
Paske nou s on ti pèp, se sak fè fyète n s on gran istwa
Sak pran konsyans de vi nou, ban n diskou a paralèl
Yo ban nou teknoloji, e pita w tande lakay rèl
Yo vle montrew manje pa luxe
Yo demontre n danje pa risk
Yo vle ote n d on vye palmis
Menmsi w gen je w paka wè l
Pèp sa kiyès lap susite pou fè defans li
Pwòp san l ap krifisye l
E likide tout vye prestans li
Tout kolon ki vin antoure nou
Nèg se gwo lo l vize
Sa koz y al pran nou nan ginen
Pou nou vin kolonize
Pou wè eta ruine yo
Nou pa ret 2, 3 min ooo
Gad on peripesi pou pitit zantray Desalin yo
Grand pisans vwazen makiye se pi gran trèt tou
Kap wete chèn nan pye pou yo anchene li nan tèt nou
Si n vle dekolonize mantalman
Si n vle dekolonize moralman
Fò n leve kanpe pou n kraze prizon
Si n vle viv jan n vle fò n pran desizyon
Si n vle dekolonize mantalman
Si n vle dekolonize moralman
Fò n leve kanpe pou n kraze prizon

Si n vle viv jan n vle fò n pran desizyon

Yo fin achte konsyans tout sa konn vizyone
Moral ki pou fè n konn devwa n, yo tout anprizone
Obstak demokrasi a rann kèk izole
Klas defavorize pa gen apwi, fè tout ansizone
Oligachi nan mind nou l pa sispann met mizo frè m
Yo destabilize n, pou lumanite nou ret skizofrèn
Yon sèl ti pèp nan kontinan k sibi tout dram yo
Pou pwouve n pa anyen, se sou nou y eseye tout zam yo
Hee! Pou n delivre se sèl lakay yo n vle konble n
Menm si se 2 bra pandye, fò n bese tèt pou n pot bòl ble n
E s on tò vre, malgre pèp ayisyen, nou s on pòv vre
Y anpeche n revandike kont esklavaj plis on kòve
Men jodia, li lè li tan pou nou emansipe a
Si nou tout fèmen djòl, nou tout ap pase nan zipe a
Pou toupizi n, yo ogmante entansite a
Yo kreye fristrasyon pou divize n menm nan site a
Fò je n kale pou n wè kòman y ap kole grif
Sak kanpe kont la patri pa wè enterè kolektif
Raple w nèg parèy nou k t ap vann nou
Nèg parèy nou k t ap fann nou
Nèg parèy nou k ap siyen tout akò pou yo ka pann nou
Mwayen n sansire sou tout aspè politik
Alibaba kap dirije n, pou lòt peyi s on gwo kritik
Yo oprese n, yo polye lè n, fè n mande èd, fèmen lòt pòt yo
Menm sa k fè sakrifis pou 10 diplòm, espwa l se lòtbò dlo
Fò n gen kouraj, menm sa k pi fèb la konnen l ka lite
Konnen li dwe soulve, dekolonize l nan mantalite
Nèg, fò jwi lonè w, Ayiti kounya moman pa l la
Piga w bese lèbra nèg kont esklavaj nan mantal la
Si n vle dekolonize mantalman
Si n vle dekolonize moralman
Fò n leve kanpe pou n kraze prizon
Si n vle viv jan n vle fò n pran desizyon
Si n vle dekolonize mantalman
Si n vle dekolonize moralman
Fò n leve kanpe pou n kraze prizon
Si n vle viv jan n vle fò n pran desizyon



Credits
Writer(s): Jiwenrison Guetz Marcena
Lyrics powered by www.musixmatch.com

Link