Jouk nan zo

Rele oh oh
Fanm sa manyen m jouk nan zo
Sa w tande a tèt mwen cho
(MikaBen AC)
Tout sans mwen a fleur de peau
(It's been a long time coming y'all)

Depi'l pase devan m li fè tèt mwen vire
Li brase tout andan m, m'bliye ki lè li ye
Depi'l pase devan m, m'wè la vi a pi bèl
Sou chak pewon li fè m, li fè m wè bouke flè
Oh oh ou fè ou fè – tèt mwen pati
Oh oh ou fè ou fè – m' anvi kouri

Depi w pase devan'm ou fè lannwit lan chanje
Lalin nan vin pi pre mwen wè la Voie Lactée
Depi w pase devan m konpa m debousole
Depi w pase devan m ou fè'm rele

Rele oh oh
Fanm sa manyen m jouk nan zo
Saw tande a tèt mwen cho
Tout sans mwen a fleur de peau

"C'mon Alan talk to them"

Si m gen pou m kouri se dèyè w map kouri
Si m gen pou m chante se pou ou map chante
Si m gen pou m mouri se nan pye w map mouri
Oh oh ou fè ou fè – tèt mwen pati
Oh oh ou fè ou fè – m' anvi kouri

Tankou yon vag lanmè m anvi bote l
Tankou yon vag lanmè map vin chèche'w
Kite'm mennen w ale
Manvi mennen l ale
Let's go

MikaBen

Si'w pat konn beat men beat

You see di gyal them – oh oh oh oh
Fanm nan tèlman sexy lè mwen wè l tout san m mache – oh oh oh oh
Sant li fè mwen crazy sa'w tande a m transforme – oh oh oh oh
Sak toujou fè mwen plezi sèlman gade'l kap pase – oh oh oh oh
Ti fanm sa fè mwen febli

Si'w pat konn beat men beat

Pou jan w bèl la mwen ta fèl avè ou san repo
Pou jan ou anfòm nan mwen ta fèl avè ou comme il faut
Pou jan ou bèl la mwen ta fèl avè ou san repo
Pou jan wanfòm nan mwen ta fèl avè ou comme il faut
Ohh comme il faut baby
M'ta fèl avè ou
M'ta fèl avè ou doudou
M'ta fè'l avè ou babe Rele oh oh – fanm sa fè mwen la vi a pi bèl
Fanm sa manyen m jouk nan zo
Sa w tande a tèt mwen cho – depi mwen wè l mwen monte nan syèl
Tout sans mwen a fleur de peau

Rele oh – ti fanm sa dous kon siwomyèl
Fanm sa manyen m jouk nan zo



Credits
Writer(s): Alan Cave
Lyrics powered by www.musixmatch.com

Link