Tanbou’n Frape

Ayibobo, laka lakaye
Ayibobo, twa baget, twa legede

Ayibobo, laka lakaye
Ayibobo, twa baget, twa legede

Kote l pase fè tout sanm vibre
Andan zantray nou li deméré
Kote l frape fè tout moun danse
Ave l nou te chante libète

Tout nasyon an te transfòme
Sou tèt zòtey nou tap danse
Tanbou n' frape gason pa kanpe non
Tout moun nèt konnen se ayisyen nou ye

Ayibobo
Tanbou n frape fòs nou double
Manman tanbou libète a
Tanbou n frape fòs nou double
Twa tanbou Mantò Idjaye
Tanbou n frape

Ayibobo, laka lakaye
Ayibobo twa baget, twa legede

Ayibobo, laka lakaye
Ayibobo twa baget, twa legede

Espri yo n ta pral entèpelé
Desalin Manze Defile
Non mwen pa bezwen konn nasyonalite w
Badjou n nan kafou fòs nou double
Nou tout konn kiyes nou ye
Yon pil manman ak papa libète
Depi w proche wap tou kole tande frè
Paske tanbou n frappe

Ayibobo
Tanbou n frape fòs nou double
Manman tanbou libète a
Tanbou n frape fòs nou double
Twa tanbou Mantò Idjaye
Tanbou n frape

Ayibobo, laka lakaye
Ayibobo twa baget, twa legede

Ayibobo, laka lakaye
Ayibobo twa baget, twa legede

Ou pa konn Lakou Soukri
Ou pa konn Lakou Badjo
Ou pap ka jwenn bout nou
Ou pap ka jwen bout nou
Ou pa konn wout pou w al souvnans
Ou pa konn pik makaya
Ou pap ka jwen bout nou
Ou pap ka jwen bout nou
Ou pa jam konn jete dlo
Ou pa konn di ayibobo
Ou pap ka jwenn bout nou
Ou pap ka jwen bout nou
Pye w pa jam pile yon lakou
Wap pran pòz danse Vodou
Ou pap ka jwen bout nou
Ou pap ka jwen bout nou

Agosi, agola, agoye
Fòs nou double
Kot tanbou m yo, kot kata m yo, kot segon yo
Fòs nou double
Depi nan ginen nèg konsa o
Fòs nou double
Nèg soti an afrik tou konsa o
Fòs nou double
Agosi, agola, agoye
Fòs nou double
Depi nan lakou nou konsa
Fòs nou double



Credits
Writer(s): Jonas Attis, Steeve Valcourt
Lyrics powered by www.musixmatch.com

Link