Poko Pre

cheri'm poko ka fe bagay serye
Mpoko prè pou sa
Prezante kay paran'w
Gade mwen, mpoko prè kounya
Mwen mson nèg ki frekan
Mpa vle paran fi ranse avè'm
Li di'm li renmen'm anpil li ta vle fiyanse avè'm

Li di'm: Ey kounya, tout trip fini
Li di'm: Pa gen jwet kounya, tout player fini
Li di'm: Ey kounya, tout vi lib fini
Li di'm: Pa gen jwet kounya, tout matcho fini

Mwen g'on mennaj depi kèk tan ki ban'm lanmou, ki ban'm afeksyon
Toujou la pou mwen, en d'autres termes li ban'm tout atansyon
Men atansyon!
Mpa konprann depi kèk tan lap plede di'm yonsèl bagay
Li chanje avè'm konplètman, dèfwa l'pa menm vle fè bagay
Li menm mande'm kite muzik pou'm souke kò'm chèche on travay
Li di'm si'm renmenl pwouve'l sa, si se pa sa mpa nan batay
Pandan mizik mwen ap mennen tout kote, e fò'm fè jènjan
Mrenmen mkonn fè sa mdi'l ma chère mais non
Malgre'l konnen ke'm renmen'l, li di'm lanmou pa sufi
Mwen di'l cheri pa kite'm, ou konnen mpral soufri
Si'w paka kite sa pou mwen,
Li di'm ann kite sa pou ou

Li di'm: Ey kounya, tout trip fini
Li di'm: Pa gen jwet kounya, tout player fini
Li di'm: Ey kounya, tout vi lib fini
Li di'm: Pa gen jwet kounya, tout matcho fini

Men cheri si se pat muzik ou pa tap konnen mwen
Depi lè'm tou piti, gade menm papa'm konnen byen
Que j'aime la musique an-anh
Passionné de la musique an-anh
Cheri m'sur de sa, mpoko prè pou'm kite sa
Si'w pa vle ann kite sa
Juskaprezan mpoko prè
Ou mande'm kisa? Mpoko prè
Tout jounen ak patnè'm ap fè muzik bay blag
Cheri mpap baw manti mpoko prè pou'm baw bag
Anpeche'm trip avèk zanmi'm si se saw vle ou mèt bay vag
Mka baw blag fè'w souri
fèw jwe a chat ak souri
Men mpaka ba'w manti antre legliz al di: "Je le veux"

Li di'm: Ey kounya, tout trip fini
Li di'm: Pa gen jwet kounya, tout player fini
Li di'm: Ey kounya, tout vi lib fini
Li di'm: Pa gen jwet kounya, tout matcho fini

Kè'm stil ap bat fò pou ou
E pou'n te ansan'm, cheri'm te fe anpil efò pou ou
M fè tout sa'w vle nan fidèl mbat yon rekò pou ou
Men'w vle fè'm granmoun avan lè
Poutan'n se 2 timoun avanyè
Mkonn tifi grandi pi vit ke ti gason
Jan'w ap ban'm presyon genlè'w g'on lòt ti gason
Jou'm ta deside pou'm fè yon ma-ri-a-ge
Lè sa map konnen map fe yon mari agé

Li di'm: Ey kounya, tout trip fini
Li di'm: Pa gen jwet kounya, tout player fini
Li di'm: Ey kounya, tout vi lib fini
Li di'm: Pa gen jwet kounya, tout matcho fini

cheri'm poko ka fe bagay serye
Mpoko prè pou sa
Prezante kay paran'w
Gade mwen, mpoko prè kounya
Mwen mson nèg ki frekan
Mpa vle paran fi ranse avè'm
Li di'm li renmen'm anpil li ta vle fiyanse avè'm



Credits
Writer(s): Lord Wensky Jolissaint
Lyrics powered by www.musixmatch.com

Link