M'anvi We

Blaze One vètè
OGF toutan toutan
Anndan peyi m travay plis ke libète
Pou yon pèp chomè gon mantal soudevlope viv san moniman
istorik ki fè bèlte ayisyen pa vann patrimwan nou se fyète
M anvi wè vrè stati nèg mawon enkoni a
M anvi 2 lyon k' te devan palè jistis la
M anvi wè kouwòm emperè Faustin Soulouque la
M anvi wè lò te nan bato a Santa Maria
M anvi ASKO reyouvè n pa achte sik ankò ASYERI ouvè n pa achte fè
ankò abitan latè pa kite andeyò jèn pa fè tèt cho pou fè etid lòt bò

Ayiti son bèl grenn fanm sak fè m anvi wè kò l m anvi wè bote l plis
tankou manèt m anvi wè m fòl m anvi wè tijan m anvi wè
tijak m anvi pòl lè m pase lakay pouchi plen manje m anvi wè bòl
M anvi wè wè stati Dessalines sispann gade lanmè m anvi wè tout sak
nan lari bouke viv yon vi amè,
m anvi wè pa gen plenyen pou lakay monte chodyè m anvi wè peyi m nan
tounnon w bèl flè ki chaje odè m anvi layann sakaje tout kote lanmou
pataje linyon n rete atache pa kache rete gad a je m anvi pi rich pa
chich yo pi gran pa pi trich yo pechè k'al nan lamè m anvi wè n
tounen ak pil fish yo m anvi wè bèlte k' te gen lontan pou lòt peyi n
reyenpòtan m pa vle l depafini m anvi wè l souri ak yon kè kontan m
anvi wè l gran m anvi wè nou soti nan
litani m anvi bisantnè lontan gran ri avèk plas d'
Italie m anvi wè sant dakèt kap ankadre ti moun kap jere talan gen
twòp moun pye atè nan pòtoprens m anvi wè chalan m anvi wè gen mwens
iletre nou tout gen leson ka lize m anvi

wè sansibilizasyon pou peyi m desantralize

M anvi wè vrè stati nèg mawon enkoni a
M anvi 2 lyon k' te devan palè jistis la
M anvi wè kouwòm emperè Faustin Soulouque la
M anvi wè lò te nan bato a Santa Maria

M anvi ASKO reyouvè n pa achte sik ankò ASYERI ouvè n pa achte fè
ankò abitan latè pa kite andeyò jèn pa fè tèt cho pou fè etid lòt bò

Pouki chak jou nèg kwense vi a plis pou n anjandre fyasko san moniman
dèfwa fristre lè nap gade plas yo pouki m paka wè tren ap desann nan
dabòn pou malere penpennen retounnen ale travay nan asko pèp la
grangou m anvi wè yon magazen leta manifestasyon kont lavi lamizè ou
di m pa kaze leta paka menm peta chak blokis se traka menm reta ka
likide tout sa ki fè fyète nou ak vwazen d' leta onè respè n vann kou
mango ki sot keyi tout vrè moniman n ekspoze andidan mize lòt peyi sa
vin montre n nou kondane pou n viv nan dilema m anvi lido emperial ak
capitol ret sinema tout peyi tounnnen lakay nou gen twòp tè kap
gaspiye pwodui nou rete natirèl lè lòt yo pran l yap vasiye sak kite
pwovens vin pòtoprens pou pran kontra moto inyore travay latè pou
y'al mouri anba oto m anvi wè lopital jeneral listwa te di k te

jenyal doktè paka touche jodia tout malad jene mal m anvi wè peyi m
fon ti deplase nan stad li ye a pa gen
vòlè kap pran chans di machann ban m tabliye a

M anvi wè vrè stati nèg mawon enkoni a
M anvi 2 lyon k' te devan palè jistis la
M anvi wè kouwòm emperè Faustin Soulouque la
M anvi wè lò te nan bato a Santa Maria
M anvi asko reyouvè n pa achte sik ankò asyeri ouvè n pa achte fè
ankò abitan latè pa kite andeyò jèn pa fè tèt cho pou fè etid lòt bò



Credits
Writer(s): Jiwenrison Guetz Marcena
Lyrics powered by www.musixmatch.com

Link