Banm Ma Baw

Avèw son doulè
San ou son mizè
Se vre w maltretem
Mwen mal pou m kitew
Nenpòt ti istwa
Son pakèt traka
Pale anpil (vire tounen)
Se divizyon (tout lajounen)
Sa pa bon pou mwen
Avni nou pa sèten

Cheri se banm, ma baw
Tout sa ki pam, se paw
Lanmou se sakrifis li pa fèt a sans inik
Cheri se banm ma baw
Tout sa ki pam se paw
Lanmou se sakrifis
Pou li ka dire plis

Se pa tout saw bezwen
Nan lavi wap ka genyen
Se pa tout saw renmen
Ase souvan ki fèw byen
Mwen ba ou kè mwen
Ou maltrete mwen
Pale anpil (vire tounen)
Se diskisyon (tout lajounen)
Sa pa bon pou mwen
Sa pa rele renmen

Cheri se banm, ma baw
Tout sa ki pam, se paw
Lanmou se sakrifis li pa fèt a sans inik
Cheri se banm ma baw
Tout sa ki pam se paw
Lanmou se sakrifis
Pou li ka dire plis

'Djaz la ap sonnen on lòt jan wi la a'

Wooo oooo

Woy depoze konpa
Moschino ou sipoze voye wi la a
Voye konpa monte
Maestro Maestro, men djaz
Gunshot Nico
Medam backup yo ede m chante

Lè manvi gatel, li neglijem
Lèm bezwen pran swenl, li kanpe lwenm
Fanm nan blom blom blom
Manmzèl blom blom blom
Li pran lanmou an pou piyay
Nan lanmou pa gen sa,
Li pa konnen se banm, ma baw
Se a 2 poun metel sou ray ray ray
Si se pa sa m ape diw bye bye bye
Cheri cheri se banm ma baw

Woyyyy
Jerry Express
Cheri banm, m ap ba w
Se gita sa a
Cheri ban m, m ap ba w
Cheri ban m, m ap ba w

Tande sa a
Lè manvi gatel, li neglijem
Lèm bezwen pran swenl, li kanpe lwenm
Fanm nan blom blom blom
Manmzèl blom blom blom
Li pran lanmou an pou piyay
Nan lanmou pa gen sa,
Li pa konnen se banm, ma baw
Se a 2 pou n metel sou ray ray ray
Si se pa sa m ape diw bye bye bye
Cheri cheri se banm ma baw

Woyy
Cheri banm, map baw
Men gita matirite a wi
Cheri banm, map ba w



Credits
Writer(s): Hantz Fred Mercier, Badi Kamal Seriphin
Lyrics powered by www.musixmatch.com

Link