Kote moun yo

Kote moun yo, oh
M pa wè moun yo, oh

Mwen sonje lontan lè m gen vakans twa mwa
S'on plezi pou mwen desann kay gran Tiya
Pou n al manje mango
Al benyen nan gwo dlo
Mwen sonje sa kòmsi se te jodi a
Mwen menm ak tout ti zanmi sou katye a
Lè n ap fè jwèt lago
Jwe foutbòl ak boyo

Men kounyeya bagay yo chanje
Mwen pa wè timoun jwe mab, ni jwe oslè
Yo pa sote kòd, moute kap
(Nou mele, nou mele)

Kote moun yo? (Oh-oh!)
Mwen pa wè moun yo (oh-oh!)
Kote moun ki konn jwe foutbòl avè m?
Pa wè timoun ki te grandi avè m

Kote moun yo? (Oh-oh!)
Mwen pa wè moun yo (oh-oh)
Kote moun ki te enpòtan nan kè m?
Pa wè timoun ki te grandi avè m

Jan sa konn bèl chak swa
Lè n chita nan lakou a
Tout timoun nan pye gran Pa
K ap rakonte n bèl istwa
Jan sa konn bèl lè nou desann nan jaden
Al manje kachiman sou pye, bwè dlo kokoye ole
Nou fè laviwonn Dede

Men, kounyeya, bagay yo chanje
Timoun pito manje manje kachte
Bagay ki sot aletranje
(Nou mele, nou mele)

Kote moun yo? (Oh-oh!)
Mwen pa wè moun yo (oh-oh!)
Kote moun ki konn jwe foutbòl avè m?
Pa wè timoun ki te grandi avè m

Kote moun yo? (Oh-oh!)
Mwen pa wè moun yo (oh-oh)
Kote moun ki te enpòtan nan kè m?
Pa wè timoun ki te grandi avè m

(M chache, m chache yo)
Gen sa ki egzile (m chache, m pa wè yo)
Gen sa ki depòte (m chache, m chache yo)
Gen sa k al jwenn Bondye (m chache, m pa wè yo)
Jou you potko rive

Gen sa ki toujou la
Ki gen lespwa sa va chanje, y a delivre
(Tout bon vre, tout bon vre) wo-yo, wo-yo

Kote moun yo? (Oh-oh!)
Mwen pa wè moun yo (oh-oh!)
Kote moun ki konn al lekòl avè m?
Valè timoun ki te grandi avè m

Kote moun yo? (Oh-oh!)
Mwen pa wè moun yo (oh-oh)
Moun Petyonvil yo
Ri Ajan Pòl yo

Kote moun yo? (Oh-oh!)
Mwen pa wè moun yo (oh-oh!)
Kote moun ki konn jwe foutbòl avè m?
Pa wè moun ki konn al lekòl avè m

Kote moun yo? (Oh-oh!)
Mwen pa wè moun yo (oh-oh)
La-la-la-la-la, ye!



Credits
Writer(s): Jean Belony Murat
Lyrics powered by www.musixmatch.com

Link