Weekend Nan Rive

Leve maten
Pou konstate bote peyim nan frèm nan
Anpil solèy ak anpil plaj
Anpil bèl moun tou frèm nan
Nan Pòtoprens chalè a cho
Se Sak fè M'ap monte anwo ale nan mòn yo
N'ap monte PV - tcheke gran patron
Kraze yon bwa kochon frèm nan
Weekend nan rive
Fò M'ap vire - al yon kote ki tet chage pou sa nage woo

Weekend nan rive
N'ap monte Jakmèl
Pandan m'sou wout la
Kampe poum ka kraze yon ti sen michèl
Lòt semèn rive
N'ap monte Citadèl
Se jis 2-3 mo pou Mwen diw Kijan peyim nan bèl

Ou pa tande pale de Jakmèl
Yon vil ki vreman bèl
Ki trouve l nan sidès
Rout la chage koub s
Plebe fè kow fè S
Mal kamyon vye gès

1er antre vil la bò ti pòs
Ta sipose gen yon ti pòs police

2èm antre vil la sou rout meyè
E menm rout sa bo aksè
A yon ekip bèl plaj

Ti-mouyaj ki pa yon kongo plaj
Timoun Ti laj ki pral kongo plaj

Kitem mennen w la vallée
Kitem mennen w bassin bleu
Kite m montre w kijan peyi m' ye
Kitem montre w kisa plezi ye

Jacmel se référans nan zafe canavaleske
Lè group ap prepare mereng kanaval eske
Pa Gen ti konkurans vinvins jouvanso?
Valière ak nèg a la ron dezod yo?

Depi gen sol k'ap fèt, nou Pap pa pran premye men
M'ka pale de Pâques - m'pap pa pran de 1er me
Se fèt Jacmel - Jacmelien Jacmelienne
Fòk NOu fyè de Vil la - Jacmel Byen Jacmel bel

Kanaval national gro koze group maske
Moun sou moun ap banbile group invite
9 mwa aprè se pral naissance yon pil bb
Pafwa m'ap mande si se pa konsa m'ne (fèt)

Jakmèl se Vi Mwen
Ladan l' m'fèt, m'grandi
Jakmèl se Vil Mwen
Nan moman soufrans, se li ki Komble Vid
Moun jakmèl leve menw anlè
Jakmèl se vil nou

Ann al Moulin Prince
Nan Cascade Pichon
M'konn moun Seguin
Ki pa konn al bèlans
Nan Lakou New York
Menm nan Lasaline
Gen moun Fort Ogé
Ki pa Konn al RAYMOND



Credits
Writer(s): Sc Slonn
Lyrics powered by www.musixmatch.com

Link