Mizik Sove Vi M

M grandi an plen street, an plen vis
Mwen se pa kòd penal la men Castro k ban m prensip
M t on senp sib
Pou konn desten on jèn li fasil, jis gad sa k sou wout li k pi aksesib
Glòk dwòg vòl, Geto a konn tout bref
W a konn plis nan Kwonik on Ghetto Youth
Mwen m grandi san modèl
Lè m resi konnen pi gran frè m nan l nan prizon
Lòt la menm fè vi l tounen on bòdèl
Enpresyon desten m tou trase,
mpèdi inosans mwen la, m vin konprann pou yo pa chase w, w dwe chase
Manman m ban m on plim, di m ekri avan m derape
An reyalite se pou m te ka siviv ke m rape
Kouman pou m diw lè chat dòmi nan recho m se ak li m nouri m
Ou konn konbyen swa m fè lide pou m mouri men
Mande Filip kijan Auto-Psy geri m
Respekte sa man, mizik sa sove vi m (D-Fi)

M pap koube, m pap pliye
E si lavi a vay ke vay m kab chante
Nan chak nòt yo m twouve
Chimen nanm mwen
Sa k fè malgre m vle bay legen
M gen rezon m pou m kenbe
Mizik sove vi m

Viv an gè, chak moun chwazi fizi yo
Mouri an pè RIP Bon Flow Izi Jimmi O
Piti m te vle kou pi gran yo, move lide
Men m grandi la kounya, tou pa m pou m on modèl pou piti yo
Sa m dwe kite kòm eritaj
Kou Kendy m s on reskape kidonk map rakonte n listwa pou n ekri pa n
Se toujou youn pou gide tifrè yo
Sak pèdi ray la, se toujou pou defann sa ki fèb yo
De pou tisè yo
Kouraj yo egal ak bote yo
On rekonfò pou depresif yo, on refij pou sak dwoge yo
Toujou pou reprezante geto a
Fas on bann politisyen ki konn ekzistans sèl nan peryòd elektoral
M pa vin bay leson, ni fè tèt mwen pase pou prof
Toujou nan diyite si sa mache make money kou Puff
M pap ekri pou detwi w
Paske m konnen byen menm jan ak mwen menm
Mizik sa ka sove vi w (D-FI)

M pap koube, m pap pliye
E si lavi a vay ke vay m kab chante
Nan chak nòt yo m twouve
Chimen nanm mwen
Sa k fè malgre m vle bay legen
M gen rezon m pou m kenbe
Mizik sove vi m

M rap pou enspire tifrè yo, pa pou glwa
E lè m pran plim avan m krache, m panse ak Abouda
M dwe trase on chimen
Mikwo m nan zam, swa m defann frèm ak li swa m asasinen l
M fè chwa m defann Castro jiskobou
E pe enpòt si sa koute m vi m
Se Kwonik on GetoYout
Pou Evade m, m pat bezwen ni dwòg ni Tafya
Sèlman kèk nòt, Filip a la prod epi vwa Tafa

M pap koube, m pap pliye
E si lavi a vay ke vay m kab chante
Nan chak nòt yo m twouve
Chimen nanm mwen
Sa k fè malgre m vle bay legen
M gen rezon m pou m kenbe
Mizik sove vi m



Credits
Writer(s): Rhod Telemaque
Lyrics powered by www.musixmatch.com

Link