Manch

Gwo bout music empire ...

Nèg Site Solèy gen manch nan men yo
Anh anh anh
Pele Simon gen manch nan men yo
Anh anh anh
Bèlè Dèlma 2 gen manch nan men yo
Anh anh anh
Gran ravin ti bwa gen manch nan men yo
Anh anh anh
Yo pete yo pete yo pete
Pete lè yo nan gè
Yo pete yo pete yo pete eeee
Lè yo sou koulè
Yo pete yo pete yo pete eeee
Yo Pete pou fè wè
Yo pete anh anh

Franco love
Pou l ka jwenn mwayen siviv la l kenb on manch nan men l
Si w pa ba l opsyon kenbe liv la l kenb on branch kanmenm
Se vre l pa ka g on gato men fò l g on tranch nan men l
Sinon l ka koupe dread ou l kenb on tranch nan men l
Gen ti mò pou yon nèg fè w pa bezwen ba l lajan
Si w pa pèse nan kòlèt ou w ap pran kèk bal ajan
Sonje gwo nèg se leta, nèg a zam se otorite
Pou l gen antèn sou lapolis n on kafou on moto l kite
Nou pa tirè delit, genyen k tire tou gòl
Genyen k tire nan lit, genyen k tire pou vòl
Sot sòlda vin jeneral fò w gen kran pou w pote aksyon
Bay kèk grenn bal kote k "sur" pa gen tan pou operasyon
Nèg Site Solèy gen manch nan men yo
Anh anh
Pele Simon gen manch nan men yo
Anh anh
Bèlè Dèlma 2 gen manch nan men yo
Anh anh
Gran ravin ti Bwa gen manch nan men yo
Anh anh
Yo pete yo pete yo pete eee
Pete lè yo nan gè
Yo pete yo pete yo pete eee
Lè yo sou koulè
Yo pete yo pete yo pete eeee
Pete pou fè wè
Yo pete yo pete yo pete eeee
Yo pete anh anh

Roody
Nèg yo pete nan gè, yo pete pou dan ri
Yo pete nan koridò, yo pete sou gran ri
Yo pete pastè yo pete ougan wi
Menm lè bouda yo piti yo pete kou gran wi
Ou pa ka pete si w wè jeneral la pa fè l avan
Ou pa ka fè bak pandan jeneral la ap fè avan
Nan geto vi w p ap dire si w santi w trò soumoun
Ou ka viv poutan w ap mache w santi mò sou moun
Yon bò ap byen pase yon lòt bò ap chante ka a grav
Yon bò ap konte kòb yon lòt bò ap konte kadav
Pa gen tan pou kriye pou mò se "just" pa sezi pote yo
Sa polis pran pou gwo zam nan geto timoun ki pote yo

Nèg Site Solèy gen manch nan men yo
Anh anh
Pele Simon gen manch nan men yo
Anh anh
Bèlè, Dèlma 2 gen manch nan men yo
Anh anh
Gran ravin, Ti bwa gen manch nan men yo
Anh anh
Yo pete yo pete yo pete eeee
Pete lè yo nan gè
Yo pete yo pete yo pete eee
Lè yo sou koulè
Yo pete yo pete yo pete eee
Pete pou fè wè
Yo pete yo pete yo pete eeee
an anh
Deep
Anndan geto depi w toutè, rapid y ap di pete kou misye
W an afè ak badboy konnen vi w p ap dire epi w p ap rete pou w plise
Beng beng fè ti mò sa denm brain pèdi pòs sa
Gen nèg k ap fin fizye w epi sou kadav negan k ap pete pou plise
Gen nèg k ap pete s on plezi l pran
mezi bouda w l ap bò w plon
Mezi plon mezi plan w
Pete tout tèt ou lè l resi pron w
Gen nèg ki pete anlè, pou mete plezi nan syèl la
Gen lòt bad man m konnen ki konn pete kòtèj prezidansyèl la
Gwo fim k ap fèt tankou tchòk noris
Nèg k ap vire avèk lòt toris
Menm si w ba l men l p ap pran twòp gwo ris
Pou sikile ak manch lan nan blòk polis
Si w pa alye nan blòk ennmi w pa balade
E si w gen kran vin ak klan pa w anfas klan n pou n met bal a de

Nèg Site Solèy gen manch nan men yo
Anh anh
Pele Simon gen manch nan men yo
Anh anh
Bèlè, Dèlma 2 gen manch nan men yo anh anh
Gran ravin Ti bwa gen manch nan men yo
Anh anh
Yo pete yo pete yo pete eeee
Pete lè yo nan gè
Yo pete yo pete yo pete eee
Lè yo sou koulè
Yo pete yo pete yo pete eee
Pete pou fè wè
Yo pete yo pete yo pete eeee
an anh



Credits
Writer(s): 0, Jean Ulysse
Lyrics powered by www.musixmatch.com

Link