An Kachet

Entre nous
Entre nous

M te pansel célibataire
Li dim li marye m dil m pa care
Li dil pran feeling lè map text lil febli
Epi li dil pral blokem,m dil it's not fair
Babyw te mèt pranm pou plan B
Devan charm ou cheri m tonbe
E Nenpòt lè misye ta baw problèm kap dominew
Konnen mwen map toujou la ni poum tandew

Pote tristès nan kèw se sal plis fèw
Mwen map toujou la poum satisfèw
Se mwen kap anj gadyenw menaj mistèw
Kitem prouvew an sekrè cheri ki janm tizèw

Si nap fon ti soti nap fèl an kachèt
Nap fon ti pa chat nap fèl an kachèt
Yo di mariw jalou li fou, li ka beng beng
El sansib a la gachèt

Moun pa bezwen konnen
Si gon relasyon kegziste entre nou
Moun pa bezwen konnen
Si nou gen pil ti sekrè nou entre nou
Moun pa bezwen konnen
Si nou konn fè ti lòbèy nou entre nous
Moun pa bezwen konnen
Map pwotejew, baby map pwotejew

Si nap fon ti soti fò vit machine nan ta fime
Pap kite tras, nou pap fè foto ni nou pap filme
Nap fèl an solo, nou pap ekspoze poun pa pran nan gwo lo
Konnen mariw jalou m pa vlel pouse kòn tankou towo (Ey)
Menm fotom pap lage sou instagam
Nim pap fè comment poum evite dram
Fòn pran prekosyon
Fòn evite pale ta nan telefòn
Menm siw anvi tande vwam

Ou renmennm, m renmenw e se verite
Lasosyete kondane enfidelite
Se destink fèn kontre, se pa yon aza
Panse nou dwe soude e nou dwe lute

Si nap fon ti soti nap fèl an kachèt
Nap fon ti pa chat nap fèl an kachèt
Yo di mariw jalou li fou, li ka beng beng
El sansib a la gachèt

Moun pa bezwen konnen
Si gon relasyon kegziste entre nou
Moun pa bezwen konnen
Si nou gen pil ti sekrè nou entre nou
Moun pa bezwen konnen
Si nou konn fè ti lòbèy nou entre nou
Moun pa bezwen konnen
Map pwotejew, baby map pwotejew

Nap fè ti soti an kachèt
Pran ti plezi an kachèt
Nap fè ti dezòd an kachèt
Woy nou pral fè lòbèy an kachèt

Cheri jere bèl ou (Aaaaaaa)
M pral menennw danse Afro Konpa

Mwen prè pou mwen konble tout vid ki gen nan relasyonw
Fèw pase bèl moman poum ka fèw jwenn satisfaksyon

Nap fè ti soti an kachèt
Pran ti plezi an kachèt
Nap fè ti dezòd an kachèt
Woy nou pral fè lòbèy an kachèt

Quicky Quicky
Byen Rapid



Credits
Writer(s): Roody Dauphin
Lyrics powered by www.musixmatch.com

Link