Yèswa (feat. Stan)

Sa pase si vit
Tout sa m ka di se lanmou k pa sifi
Sa k te fè m kontan yè fè m lapèn
Sa fou jan on nuit ka chanje lanmou an hèn

Sèlman sa k rete m se kèk souvni
Kèk vye rim pou m fè on powèm
Piti, piti nanm mwen ap mouri, ap mouri

Yon nuit pou mwen pèdi souri
M tou pèdi sans vi m, w ale ak bonè m
Kite m ak plè k pa ka panse
M gen enpresyon sa pase yèswa (ye-eh)
Yèswa (ye-eh)

Ok, anh, yèswa w t on zanj
Maten an w s on demon m pa rekonèt
On nuit sifi pou remet an kesyon tout sa m te pwomèt
Rèv nou pèdi nan longè nuit lan, hèn ranplase lanmou
Nòmal raple w lanati pa vle wè vid lan
Yèswa n te lwayal, se te nou kont tout mond lan
Maten an, n fas a fas, ride or die, se te ilizyon an

M ap pran tan pou m renmen ankò, kè m mande repo
Thug yo konn kriye tou, al mande Ginette Reno
Gad nan je m w ap wè jan m mal, 'cause eyes never lie
Di powèt la l manti kou chen lè l di "Love never die"

Dezespere, m voye sa tankou yon boutèy nan lanmè
Konprann menm eksè myèl la vin anmè
On nuit sifi pou baskile tout on vi
Tout anvi m se brize w tou pou w konn jan sa fè m mal
Nan tèt mwen se tout on fim
Se fou jan byen rapid moun yo chanje
Yèswa nou te fè youn, maten an n se de etranje

Sèlman sa k rete m se kèk souvni
Kèk vye rim pou m fè on powèm
Piti piti nanm mwen ap mouri, ap mouri

Yon nuit pou mwen pèdi souri
M tou pèdi sans vi m, w ale ak bonè m
Kite m ak plè k pa ka panse
M gen enpresyon sa pase yèswa (ha-ah-ah-ah)
Yèswa (ha-ah-ah-ah)

Anh, pran mal mwen an pasyans, espere tan ap pot gerizon
Pèdi n on dyèl kiyès ki gen tò kiyès ki gen rezon
Kote pwojè lavi n yo pase?
Yèswa n te ekri lanmou n sou sab lanmè a
Maten an vag yo efase l

Yèswa w te onèt, maten an, menm silans devwale manti w
M panse m t on sipè ewo, anfèt, m t on maryonèt
Jan w blese nanm mwen, konsa m ta vle blese w nan kò w
Yèswa, m pase tou prè yon achtag "Balance ton porc"

Yèswa, m t on prince charmant
Maten an m s on sal thug resipwòk
Yèswa, w t on princesse, maten an, w s on salòp
M p ap kondane lemond, m p ap pran yon bitch pou jije tout
Menm gen dout, souri zanj yo konn kache demon

Sa sot nan kè m, e si l blese w, se paske m brize, m*!
Gen plè k p ap janm sikatrize
Men kòman pou w fè konfyans ankò lè yo trayi w?
Lè menm bouch ki t ap di l renmen w yèswa maten ap di l rayi w

Sèlman sa k rete m se kèk souvni
Kèk vye rim pou m fè on powèm
Piti, piti nanm mwen ap mouri, ap mouri

Yon nuit pou mwen pèdi souri
M tou pèdi l, sans vi m, w ale ak bonè m
Kite m ak plè k paka panse
M gen enpresyon sa pase yèswa
Yèswa (ha-ah-ah-ah)

Oh-ouh-ouh-ouh (ha-ah-ah-ah)
Yèswa (ye-eh)
(Ye-eh)



Credits
Writer(s): Rhod Telemaque
Lyrics powered by www.musixmatch.com

Link