Lannwit Rive

Lannuit rive...

Lannuit rive kè m pa sote,
paske se ou k ape veye m.
Dòmi te mèt pote m ale,
paske se ou k ape veye m.

1-

Toupatou lenmi m yo kache,
tankou malfini
dèyè pou l y ape veye.
Ak tout sa mwen pa pè mache,
paske konfyans
mwen se nan ou BonDye li ye.

2-

Mechan yo di pa gen BonDye,
yo di sila n ap priye a
pa gen pouvwa.
Men mwen konnen li egziste,
paske li fè mirak
nan lavi mwen deja.

3-

Lenmi m yo vle wè mwen tonbe,
tout lajounen se pèlen
pou mwen y ap tann.
Men paske fwa mwen
se nan BonDye,
pèlen sa yo
se yo k ap pran ladann.

Fen



Credits
Writer(s): Carly Joseph
Lyrics powered by www.musixmatch.com

Link