Kri Ayiti

Ti nèg deklare lap byen pase
Non l' sou lis bandi yap repase
Kè yon lòt manman pa lwen kase

Pa gen moun kap desine lavni
Fè se bandi ki deside lavi n
Kapital tounen gwo labatwa

Yon opozisyon san pozisyon
Banm kinanm fasil pou fèmen danm
Pa fèmen janm pou rete prezidan

Abònman grangou menm gran lakou
Pou pwofesè rele nan mi l' piye
Avni doktè nou yo dezidrate

Se kri granmoun yo
Se kri timoun yo
Se kri tout jèn yo
Ki pa konn kote yo pwale

Se tou nanm ak kè m kape rache
Timoun yo chak fwa m analize
Kantite danje yo ekspoze

Depi syèl la gri nou inonde
Pa gen kenn plan anviwònman
Bèl manman pitit me dlo bwote

Polisye fristre jij nan visye
Jou w konte pale de karibe
To ou ta nou espere kòd yo

Son revolisyon ou sovkipe
Pa pwan opsyon trayizon nasyon w
Ti boukman kristof leve kanpe

Se kri granmoun yo
Se kri timoun yo
Se kri tout jèn yo
Ki pa konn kote yo pwale

Okap potoprens Okay tande kri a yo
Jakmel belè milo tande kri a yo
Chada gran ravin sodo tande kri a yo

Sak pa gon goud yap kidnape yo tande kri a yo
Tout bèl sèvo aletranje tande kri a yo
Andikape san asistans yo tande kri a yo

Nou rete kwè sa ka chanje
Nou rete kwè sa pwal chanje
Nou rete kwè si yo pa fè l' nap gen pou n' fè l'
Amadou Manga



Credits
Writer(s): Amadou Jean Baptiste
Lyrics powered by www.musixmatch.com

Link