FootRap

Yeah

(Kaskadè on the beat)

(Shiiiiii)

Ad
Ad
Ad
A
A
A
A
Adaaaaaaaa

M sou beat 2 vès
Ki egal 2 mitan
Sèl vwa m sou li
M pou kò m
M pa bezwen chanjman
Pandan lyrics ak flow
Ap chofe ban
Mwen sou tèren
Ap bay pèfòmans
N ap jwe an pas
N ap jere posesyon n
N ap monte wo
N ap jere pozisyon n
Tout frap n ap fè
N ap mete presizyon
E n p'ap gen gwo presyon
N'ap debite yon pwosesyon
Sou li m kanpe an 4-3-3
M ap jwe an pwent
Sou sistèm rap atak
Defans kanpe nan back
Nou p ap pran kont atak
Track sa sèvi n kòm tak
E fan yo kòm sistèm abitraj
La main de Dieu
Ou p ap jwenn nan li
E nan li fòk boul la depase liy
Pou abit sifle but
Si sou beat sa m pa byen sit
Si sou li mwen kouri
Tcheke var
Kòmanse trase liy
Chak grenn mo m konte kòm pas
Avè l m fè jeu de balle
M fè tiki taka
Chak punchline
Se yon long pas
Chak grenn ba
Se yon kas
Retire defans mal
Epi teste gadyen an ak yon frap
Chak grenn mo
M konte kòm pas
Avè l m fè jeu de balle
M fè tiki taka
Chak punchline son long pas
Chak grenn ba se yon kas
Retire defans mal
Pou m fini aksyon an
Ak yon frap

M pran beat sa
M batize l rap
Sijè football
M devlope l rap
M vire l lanvè
M kapote l anba
Adaaaaaaaaaaaa
Sou li m kanpe an 4-3-3
M fè l an foot
M fè l an rap
Konbine tou 2
M fè footrap
Adaaaaaaaaaaa

M pran beat sa
M batize l rap
Sijè football
M devlope l rap
M vire l lanvè
M kapote l anba
Adaaaaaaaaaaaa
Sou li m kanpe an 4-3-3
M fè l an foot
M fè l an rap
Konbine tou 2
M fè footrap
Adaaaaaaaaaaa

M klase HMI tankou Ligue Des Champions
Chak grenn atis tounen yon konkiran
De A à H k' reprezantan 8 poul
Chak gwoup 4 ekip
Ekipman diferan
Wap jwenn 32 patisipan
K ap goumen pou plas
Sè l 2 premye k ap kalifye
Pou pwochen faz
Twazyèm lan al anba nan yon lòt chanpyona
Paske anlè a pa gen plas
Fò w nan divizyon 1
Pou w ladan l
Si w pa nan top 4 best yo
Ou p ap prezan
Konbine best rapè
Trapè
Chantè
Ak lòt top kategori
Ki nan mouvman
Nan football fò w sou tèren
Pou w ka pwouve w
Nan mizik se pwòp mizik
Ki pral fè y'apwouve w
Limit mwen sou yon beat pa limite
Menm nan mache transfè
Yo pral vle likide m
Si m ap chèch'on solisyon
Pou m kreye yon ekip ki bon
Pou m mete an evidans
Ki nan nenpòt konpetisyon
Ka jere kalifikasyon l
Pou li sakre chanpyon
Ladan l tout jwè son ganyan
Men list 3 atakan m

Messi adwat ap drible tout jwè
Kase anndan kreye okazyon
Pou Ronaldo fè kout tèt
Mbappé a goch ap jwe an flèch
L ap bwè lateral
Ak akselerasyon l plis vitès

M pran beat sa
M batize l rap
Sijè football
M devlope l rap
M vire l lanvè
M kapote l anba
Adaaaaaaaaaaaa
Sou li m kanpe an 4-3-3
M fè l an foot
M fè l an rap
Konbine tou 2
M fè footrap
Adaaaaaaaaaaa

M pran beat sa
M batize l rap
Sijè football
M devlope l rap
M vire l lanvè
M kapote l anba
Adaaaaaaaaaaaa
Sou li m kanpe an 4-3-3
M fè l an foot
M fè l an rap
Konbine tou 2
M fè footrap
Adaaaaaaaaaaa

Anh Anh
Non mwen eple A D A
An Rezime rele m ADA
Yeah

Krepi randwi l



Credits
Writer(s): Ada Boutin
Lyrics powered by www.musixmatch.com

Link