Dekonekte

Nap viv menm kote men'n pa ansanm
Nou sou menm chimen na pral menm kote
Ou wè blan m wè nwa nou pa konekte
Kè nou desoude lanmou vole

Poukisa tout sa mwen di pa Janm fè sans pou ou?
Poukisa tout sa mwen fè pa janm ase pou ou?
Baby oh, baby oh wap fè mwen mal
Baby oh, baby ohh wap fè mwen maaal

Sa fè kek tan mwen remake
Ke mwen ak ou pa konekte
Tout sa m'eseye pa mache
Baby oh dim kisaw deside
An an an yeee
Eske se byen materyel ki kenbew
An an yeee
Se kòw ki kotem men kè ou lwen

Nap viv menm kote men'n pa ansanm
Nou sou menm chimen na pral menm kote
Ou wè blan m wè nwa nou pa konekte
Kè nou desoude lanmou vole

Ou kouche bò kotem mpaka pase menm sou ou
Mpa konn si mwen fanm ou si mwen gason pou ou
Defwa ou fèm anvi pann tèt mwen m pèdi tout konfians nan tèt mwen
Mremake renmenw pa renmen mwen
Deyò ou chaje lòt fanm sou mwen
San reflechi mpral pozon aksyon
M ka fow santim son moun e mwen gen san tou
Mkonnenw se gason men pa bliye tout saw fè ke mwen ka fèl tou
Ou fèm cho m pral fèw frèt ti cheri
Pou ou mpral tounon frèt mon amour
Ou banm 7 map baw 9 map fèw wèl
Pou kabrit mpral baw bèf
Ou ret bò kote mwen m konnen se pa paskew renmen mwen
Wap sevi baryè
Pou yon moun ki bezwen pa pase men pran mwen
Ou oh pa pase men pran mwen
Ou oh
Nap viv menm kote men'n pa ansanm
Nou sou menm chimen na pral menm kote
Ou wè blan m wè nwa nou pa konekte
Kè nou desoude lanmou vole

Kounyea m bouke
Bouke pale
Bouke chache
Bouke goumen
Mwen oblije pranl jan li ye li ye li ye e
Monnen pyès ou m pral remet ou ou anvi jwe let's play the game
Let's play the gaaaaame
Let's play the gaaaaame

Nap viv menm kote m'en'n pa ansanm
Nou sou menm chimen na pral menm kote
Ou wè blan m wè nwa nou pa konekte
Kè nou desoude lanmou vole



Credits
Writer(s): 0, Hantz Mercier
Lyrics powered by www.musixmatch.com

Link