Si M

Si m reyenkane tou rich
Genlè sèl pòv m pa t ap vle ye
Si m ta gon okipasyon
Zafè vwazen
M pa t ap veye
Si m ta mande
Pou je m fèmen
Menm nan veye m
M pa t ap vle ye
Koz mwen t ap bèl
Tan pou m mouri
M t ap pito viv ak yon je
Chak jou
Mwen t ap gen pou aprann
E mwen t ap byen edike
Fwote ak lanmò
Se yon bagay
Ke m t ap toujou evite
Nan lapriyè m
Pwolonje vi m
Sèl sa mwen t ap resite
So menm 100 tan pa t ap sifi
Pou tout lajan m yo m boule l
Tout dèt
M t ap peye sa yo an jwèt
Menm fanmi m yo ki an dèt
Ba yo tout m tap voye chèk
Si echèk la ta a lwès
Pou m jwenn siksè m
Mwen ta pral lès
Tan pou m an bès
M pito pwogrè
Pou moun m te lèd
M t ap parèt bèl
Tout sa ki t ap ri m
Lè m tan chomaj yo
Pral aplodi m
Sak te konn rele m endividi
Tout pral vle rele m homie
Pou m montre w
M pa t ap selfish
Menm sak pòch vid yo
Mwen t ap ranpli
Atò pwòp fabrik block
Mw t ap genyen
Pou nouvo kay mwen
M konstwi l
Atò lakay mwen t ap gen pis
Pou lè m bezwen m ka ateri
Se sèl sou jet m t ap pati
Yo t ap vin pran m sou limouzin
Sa m t ap drive t ap Ferrari
Sifle taxi
Sa t ap fini
M t ap ka benyen nan jakouzi
E m t ap sispann bote bokit
For sure
Kanè bank mwen
T ap rale fanm
Menm si mwen ta mawozo
M tap kò m gato
Yo tout t ap vle yon tranch
E nan do m
Mwen t ap chaje
Ak pil kòmandan
Paske ex mwen yo se moun
Ki ka anboche
Kidnapè yo vin pran m
Lè w gen valè ou vin presye
Tout je se sou ou yo brake
Tout moun vle rete bò kote w
Sou ou yo p ap vle detache
Y ap konn tout non w
E lè w ale
Genyen nan mond lan
K ap sonje w
Si w mouri pòv
Sèl fanmiy ou
K ap sonje w te egziste
Si m fèt pòv
M mouri pòv
M ap reyenkane ankò
Tout sa m di yo nèt se si
Donk m p ap reviv nan yon lòt kò
E m deja fèt
Donk se travay
Pou m ka antre lajan nan pòch
Kounya se envesti
Tan pou m ta met lajan m
Dòmi nan sòl



Credits
Writer(s): Ada Boutin
Lyrics powered by www.musixmatch.com

Link