Nou bouke

Plis pase 30 an depi n ap pase moun nan betiz
Tan pou n pot solisyon, nou kreye pwoblèm, kreye kriz
Kès Leta nou an tounen yon sous k ap vomi lajan
Depi w bezwn leve atè a, chèche yon djòb anndan

Tout amelyorasyon ki fèt fèt nan salè yo
Pandan yo pa konnen yon mèd nan misyon yo
Boujwazi salòp, bann chèf san sèvèl pran n an otaj
Men kounyeya fò n rejte yo tankou pitit nan pasaj

Sa ki pi tris
Pa gen jistis
Volè ap taye banda gran jounen
Lajan tonbe
Li gaspiye
Tout sa ki te manje l di inosan yo ye

Nou bouke
Nou bouke
Nou pa kapab ankò
Nou bouke
Nou bouke
Fwa sa se twòp atò

Nou bouke
Nou bouke
Nou pa kapab ankò
Nou bouke
Nou bouke
Fwa sa se twòp atò

Si edikasyon se yon zam daprè Mandela
Ebyen nèg yo manje tout bal ki nan chajè a
Yo prone zam, pwone dwòg, yo fè n pete chawa
Yo rezime tout lavi nou avèk yon bout viza

Nan yon peyi tout sa k pase gen yon n ap boule
Nan dosye sekirite, on s'en remet à Dieu
Demokrasi, demagoji, de fas yon menm pyès
Nèg piye, nèg ale, pa gen pwoblèm pyès

Sa ki kriyèl
Yon bann san kè
Mize sou mizè pèp la pou yo milyonè
Pouvwa komokyèl
Opozisyon djèdjè
Jou pèp la kale je l, n ap fè yon lòt Vètyè

Nou bouke
Nou bouke
Nou pa kapab ankò
Nou bouke
Nou bouke
Fwa sa se twòp atò

Nou bouke
Nou bouke
Nou pa kapab ankò
Nou bouke
Nou bouke
Fwa sa se twòp atò

Nou kriye, nou rele, Leta pa tande
Tankou poul, n ap tonbe, sa pa regade l
Grangou k ap pete fyèl pa priyorite
Peyi m p ap dirije, anyen p ap mache

Nou kriye, nou rele, Leta pa tande
Tankou poul, n ap tonbe, sa pa regade l
Grangou k ap pete fyèl pa priyorite
Peyi m p ap dirije, anyen p ap mache

Nou bouke
Nou bouke
Bouke swen prezidan, minis, palmantè
Nou bouke
Nou bouke
Bouke bay lapire pou pwa n pa t manje

Nou bouke
Nou bouke
Dòmi sou fatra, manje nan labou
Nou bouke
Nou bouke
Gade moun k ap viv, nou anvi viv tou

Nou pa kapab ankò
Fwa sa se twòp atò
Nou pa kapab ankò
Fwa sa se twòp atò



Credits
Writer(s): Phrandy Noel
Lyrics powered by www.musixmatch.com

Link