Crush la

Chak jou m ap gade w k ap pase
M anvi apwoche w pou n pale
Men m pa janm ka oze
Se nan foto w m etenize m

Ouh, ouh, ouhh!
Le m fin like yo fòk mwen zoom
E mwen se premye moun
K ap komante, e m kontante m de
Rete lwen w

M konn imajine
Imajine ke se pou mwen ou ye
Ki janm t ap trete w
M t ap byen pran swen w, m pa t ap janm fè w kriye
Non, p ap janm kite lòt je gade w
Tankou yon bebe, mwen t ap bèse w
Mwen t ap make sure w toujou ere
Kou yon bijou presye
M pa vle pèdi mwen t ap kache w

Baby, ou se crush la
Tout rèv mwen se pou m genyen crush sa
Konnen ke w se crush la
Chak jou m leve m admire w

Ou toujou nan tet mwen
Pi gwo tizè w se mwen
Pou jan w domine mwen, ou te dwe pou mwen
Avè w, m vle pi pwòch la
Sonje g on moun k ap tann ou

(Konnen ke w se crush la) Yow! chak lè m wè w
M anvi abòde w pou m di w koman m feel
Men m bloke, pa gen kouraj pou m jwenn kòman m fè l
Kè m se pou ou, men si sèlman m ta jwenn yon jan ofri l
Pou gen resipwosite, pou n fizyone, pou nou vin kòm on sèl

Men m ap gade san touche
Fantasme san kouche
Ou dwe m, men w pa konnen, m oblije rete san touche
Ou gen tit madanm san mouche
Ou pa pou mwen, men m jalou lè m wè w ak lòt nèg, san m bouche
Epoutan m p ap pale, lè m kwaze w, bouch mwen plen dlo
M pa ka oze (m pa kapab)
Chak m ouvè DM, men m pa ka koze (m pa kapab)
M ap admire w de lwen, m pa konn sa w panse de mwen
M konsyan m obsede, men m pa ka poze (m pa kapab)

Baby, ou se crush la
M ap tann Cupidon aji pou nou lye tanpri lanmou sonnen klòch la
Si gen resipwosite, pa gad sou mwen
Just voye premye woch la

Dèfwa m rete m santi m ta mennaj ou (m santi m ta mennaj ou)
Dèfwa m rete m santi m ta mennaj ou (se avè w m ta damou, bebe)
Dèfwa m rete m santi m ta mennaj ou (ta mennaj ou, baby, bae)
Si gen resipwosite, pa gad sou mwen
Just voye premye wòch la

Baby, ou se crush la
Tout rèv mwen se pou m genyen crush sa
Konnen ke w se crush la
Chak joum leve m admire w
Ou toujou nan tèt mwen, pi gwo tizè w se mwen
Ou domine mwen, ou te dwe pou mwen
Avè w, m vle pi pwòch la
Sonje g on moun k ap tann ou
Konnen ke w se crush la



Credits
Writer(s): Desire Vanessa Dabel
Lyrics powered by www.musixmatch.com

Link