Pou lavi

En moins d'un ans
Nou kite plis ke dis fwa
Eske'w pa wè nanm nou pa konekte
Ti krik ti krak
I can't take this anymore
San'w pa panse
Problem nan se nan ou'l ye

Lanmou gen wo e l'gen ba
Fò'w konprann
Si n'ap renmen
Fòk nou met tèt nou ansanm
Yon relation sa fèt entre deux êtres
Nou pa bezwen pibliye tout sa nou fè

Gen de sakrifis
Ki dwe fèt nan on relation
Pou li dire jiska la fin des temps
An nou mande Bondye proteje nou
Kont enmi nou yo ak tout negativite

Lanmou gen wo e l'gen ba
Fò'w konprann
Cheri nou pa bezwen
Kite pou nenpot ti kont
Deux torts ne font pas un juste
On est clair
An nou renmen
Tankou moun pat egziste pou nou

Gen moun ki renmen
Pou divèti lasosyete
M'renmen'w pou lavi

Mwen konn valè nou tou le de
Mwen konnen sa'm riske pèdi
M'ap kenbe fò
Kite'm pran on chans
M'pa yon moun ki renmen fasil
Men lè'm renmen se pou tout bon
Mwen garanti'w, lanmou pou lavi

Gen moun ki renmen
Pou divèti lasosyete
M'renmen'w pou lavi

Mwen konn valè nou tou le de
Mwen konnen sa'm riske pèdi
Fò'w kenbe'm fo
Kite'm pran chans mwen
M'pa yon moun ki renmen fasil
Lè pou'm kite li difisil
Kenbe mwen fò
Kite'm pran chans mwen

Ann pran yon dènye chans
N'aprann de mekont nou yo
Lanmou gen bon move moman
Nou pap deklare fòfè
An nou rekomanse
Ann goumen pou sa nou kwè
Nou konnen nou merite yonn lòt
Nou sot twò lwen pou'n rive la
Ann rekomanse

Zafè yo si yo pa vle wè n'ansanm
Mwen renmen'w pou lavi

Cheri ann pran yon dènye chans
Chak fòt nou fè n'aprann de yo
Lanmou gen bon move moman
Nou pap deklare fòfè
An nou rekomanse
An nou goumen pou sa nou kwè
Nou konnen nou merite yonn lòt
Nou sot twò lwen pou'n fini la
Ann rekomanse

Zafè yo si yo pa vle wè n'ansanm
Mwen renmen'w pou lavi



Credits
Writer(s): Herve Antenor
Lyrics powered by www.musixmatch.com

Link