Favè (feat. Peterson Jean Jacques)

Yea yea
Mr YB again and again
And peterson jean jacques yea
Wouu

Sim' pat mouri se pa paskem' pat ekspoze
Menm' trè kontan paskel pat kitem' ale
Mwen pa kontan paske genyenk' deja devansem'
Men mwen pa fache paske Bondye toujou kenbem'
Yeaa

An 2020 nou te swete yonn lòt yon meyè ve
Nou pat' ko menm' rive nan mwatye nou mandel' ale
Gen anpil moun parèy mwen yo te voye jete nan frizè
Mwen kwè gen yon rezon
Ki fè Bondye pat kite ou ale anba tè
Se pa pasken' dil' babay' la ki pral' fè ou byen pase
Sak te kòmanse yo ak 2021 yo transfere
Men map fèw sonje Bondye kite la yè a transfere tou
Pap janm genyen yon minit ke l'ap janm kitew' pou kont ou

Sim' pat' mouri se pa paskem' pat ekspoze
Menm' trè kontan paskel' pat kitem' ale
Mwen pa kontan paske genyenk' deja devansem'
Men mwen pa fache paske Bondye toujou kenbem'

Se pou sa map bay Bondye glwa
Se pou sa map toujou bal' glwa a
That's why i will always praise God
That's why i will always praise God

Heyyy
Mwen menm avew' tap byen pase
Yon ti korona gade nou
Li di ti papa wait banm pase
Anpil moun mouri
Li pa nan patipri
Gen sa ki ale
Ou menm wap respire e e e
Se sak fè chak joum' levem'
Di Bondye mèsi paskem' egziste e

Sim' pat mouri se pa paskem' pat ekspoze
Menm trè kontan paskel pat kitem' ale
Mwen pa kontan paske genyenk' deja devansem'
Men mwen pa fache paske Bondye toujou kenbem'

Se pou sa map bay Bondye glwa
Se pou sa map toujou bal' glwa a
That's why i will always praise God
That's why i will always praise God

Se pou sa map bay Bondye glwa
Se pou sa map toujou bal' glwa a
That's why i will always praise God
That's why i will always praise God

Ouu that's my daddy



Credits
Writer(s): Peterson Jean Jacques
Lyrics powered by www.musixmatch.com

Link