Pa Pou Vann

Pa vin machande
Nanm mwen pa pou vann
Pa bezwen mande
Nanm mwen pa pou vann
Pa ka banm anyen
Kris pa banm deja
Ni ofrim anyen
Mpa genyen deja

Pouvwa, lajan, sex
Se yo ki fè bonè
Fè wè, pa pè flex
Viv vit, mouri bonè

Wap ofrim poum sote etap
Pitit king, menw vle fèm esklav
Ou tap rim si mpat kwè nan God
Men domaj mkonn apèl mwen, mkonn misyonm tande

Sa m posede pa fouti posedem
Nanm mwen vo plis ke tout sa m posede
Ou tou esklav depi dwaw ou sede
Ou vin esklav de tout saw obsede
Pa tenten pou lanmou
Pèdi mond sa, jwenn nanm ou
Si Sentespri viv nan ou
Tout saw bezwen li nan ou

Mkonn valèm, Mpa nenpòtreki
Pa bezwen fè pri, ou paka afford mwen man
Nou pa avèti, se konw pran w konnen
Nou pa avèti, se konw pran w konnen
Rayhans nan kitchen ap cook
Mwen mach'a flom pou mwen sizonnen
Nou pa fè mizik pou ti monnen
Pete plafon, kraze pòt

Pa vin machande
Nanm mwen pa pou vann
Pa bezwen mande
Nanm mwen pa pou vann
Pa ka banm anyen
Kris pa banm deja
Ni ofrim anyen
Mpa genyen deja

Pa vin machande
Nanm mwen pa pou vann
Kenbe lajanw lan
Nanm mwen pa pou vann
Ti monnen pa ja
E mvo plis ke ja
Mpa interese
Mwen diw sa deja

Pa ka banm anyen
Kris pa banm deja
Ni ofrim anyen
Mpa genyen deja



Credits
Writer(s): Dave Casseus
Lyrics powered by www.musixmatch.com

Link