Lanmou Anba Tab

Nou ansanm byen lontan
M pa janm gen soupson pou m nan fè jalouzi
Ou rete konsa w pantan
Ou di m ou pral deloje, ou pral fiyanse
Ou pa ban m tan pou m reflechi
De sa w di m nan, franchman m sezi
Pou jan m konn fè w plezi
E m pat jamè kite w soufri

Mwen wè avèk ou pa gen avni
M se moun anba tab ou
Nou gen 5 an n pa janm f on soti
Sa prouve m pa moun pou ou

M te ba w tout mwen san reflechi
Sa w ap fè m yo, m pat atann yo

Mwen remèsye w pou tout tan n te pase
Pinga w chèche konn kote m ye

M pa kapab ankò

Relasyon anba tab sa
Lanmou anba tab
Relasyon anba tab sa
Lanmou anba tab

Relasyon anba tab sa
Lanmou anba tab
Relasyon anba tab sa

Ou di se fòt ou si w te rive lwen
Ou pat dwe janm rantre nan vi mwen
Paske ou konnen m te marye papa
Ou te yon moun ki anba tab papa
Ou di se fòt ou si w te rive lwen
Ou pat dwe janm rantre nan vi mwen
Paske ou konnen m te marye papa
Ou te yon moun ki anba tab papa

Wi w ap pale sa ki verite
Bagay sa ap tranche m an de
Paske mwen paka replike
M santi m choke lè m reyalize
Sitiyasyon m konplike vre
M pat gen kouraj mande w kite
M renmen w vre

Ou di se fòt ou si w te rive lwen
Ou pat dwe janm rantre nan vi mwen
Paske ou konnen m te marye papa
Ou te yon moun ki anba tab papa
Ou di se fòt ou si w te rive lwen
Ou pat dwe janm rantre nan vi mwen
Paske ou konnen m te marye papa
Ou te yon moun ki anba tab papa

M pat vle parèt yon gwo egoyis
Met divizyon nan relasyon w
Pandan gen timoun k ap grandi
Ou te pretann ke nou t ap byen viv
Ou t ap plonje m nan ilizyon w
Pandan fwaye w toujou avan, je m louvri

Ou di se fòt ou si w te rive lwen
Ou pat dwe janm rantre nan vi mwen
Paske ou konnen m te marye papa
Ou te yon moun ki anba tab papa
Ou di se fòt ou si w te rive lwen
Ou pat dwe janm rantre nan vi mwen
Paske ou konnen m te marye papa
Ou te yon moun ki anba tab papa



Credits
Writer(s): Mackendy Salnave
Lyrics powered by www.musixmatch.com

Link