BonDye vle tout moun

Gade frè'w, wa wè mwen
Renmen li, wa jwenn mwen
Nan fon kè chak kretyen mwen la
Gade yo, wa wè mwen
Renmen yo, wa jwenn mwen
Nan fon kè m' tout pitit mwen la

Ke li nwa, ke li blan, ke li wouj, ke li jòn
Nan fon kè chak kretyen mwen la
Ke li rich, ke li pòv, ke l' save, ke l' sòyèt
Nan fon kè m' tout pitit mwen la

Gade frè'w, wa wè mwen
Renmen li, wa jwenn mwen
Nan fon kè chak kretyen mwen la
Gade yo, wa wè mwen
Renmen yo wa jwenn mwen
Nan fon kè m' tout pitit mwen la

Pòtoprensyen, Kapwa, Jeremyen, Senmakwa
Nan fon kè chak kretyen mwen la
Katolik, Advantis, Pwotestan, Mizilman
Nan fon kè m' tout pitit mwen la

Gade frè'w, wa wè mwen
Renmen li, wa jwenn mwen
Nan fon kè chak kretyen mwen la
Gade yo, wa wè mwen
Renmen yo wa jwenn mwen
Nan fon kè m' tout pitit mwen la

Sen Jozèf, Matisan, Kwadèmisyon, Laboul
Nan fon kè chak kretyen mwen la
Petyonvil, Senjera, Altagras, Katedral
Nan fon kè m' tout pitit mwen la

Gade frè'w, wa wè mwen
Renmen li, wa jwenn mwen
Nan fon kè chak kretyen mwen la
Gade yo, wa wè mwen
Renmen yo wa jwenn mwen
Nan fon kè m' tout pitit mwen la

Mwen pa rejte pèsonn, se peche m' vle detwi
Nan fon kè chak kretyen mwen la
Gade jan kè m' louvri, gad jan san m'ap koule
Nan fon kè m' tout pitit mwen la

Gade frè'w, wa wè mwen.
Renmen li, wa jwenn mwen
Nan fon kè chak kretyen mwen la
Gade yo, wa wè mwen
Renmen yo wa jwenn mwen
Nan fon kè m' tout pitit mwen la

Gade frè'w, wa wè mwen.
Renmen li, wa jwenn mwen
Nan fon kè chak kretyen mwen la
Gade yo, wa wè mwen
Renmen yo wa jwenn mwen
Nan fon kè m' tout pitit mwen la

Nan fon kè m' tout pitit mwen la
Nan fon kè m' tout pitit mwen la



Credits
Writer(s): Farelle Toussaint
Lyrics powered by www.musixmatch.com

Link