Ann Pran Shot (feat. Guarionex)

M'te pran'w pou zanmi
M'te pran'w pou frè
Jan'w pale de mwen sa s'on gwo kout fwèt
Ap tann mwen tonbe pou'w te ka fè fèt
Sa'w fè'm nan fè'm mal sa s'on gwo kou frè
Ou fè'm pase pou yon gwo blofè
Pandan mwen m' fè'w pase pou pi bon nan frè'm yo
Ou pale'm mal ak menm fanm ou frè
M'ap plede mande'm si tout bon ou se frè'm vre
De ou nan la vi'm
Menm yon jou m pa janm gen vye panse m pa't janm doute
Lè yo dim bay avi'm, Menm jan tou
M'fè komsi m' pa tande m' pa't janm koute yo
Konnen lèzòm fò nan divize
Divize, divize pou renye
Lajan pouvwa pou'n ka dirije
Dirije, dirije n'mele
Haine pran plas Lanmou
Pa gen renmen Ankò
Pa gen amitye, pa gen zanmi ankò
San pa konn san, pa gen fanmi ankò
Pa gen tèt ansanm ni men nan men ankò
Sa'k gen rezon, now se li ki gen tò
Menm kabann andeyò pa Gen resò Ankò
Ooohh m' vide siwo atè, m' pa jwenn foumi ankò

Si'w g'on zanmi k'avè'w ki pa janm lage
Leve men'w anlè epi f'on shot
Si'w g'on zanmi' tonbe, kite'w ak dlo nan je
Rale boutèy ou epi pran on shot

Pou tout bon yo ann pran on shot
Pou tout sa k'ale yo ann pran on shot
Nan memwa yo an'n pran on shot
Pou tout sa'k tonbe yo ann pran on shot

Nuit sa a m'pap pase'l nòmal
Gen twòp bagay m'ap panse ki vle banm tèt fè mal
Tout sa k'ap pase nan mind
Kòmsi m' wè tout sa k'ap viv la yo die man
E vre m' paka wè kò nou
Chak ide m'jwenn pou'm ekri verse sa konnen se pa nou
Zanmi'm tande vwa yo
K'ap di'm tristès pran plas jwa
Inosan pran plas koupab
Bagay yo grav
Moun ap mache sou kadav
Ou paka viv la si'w pa brav
Pè pran lari lè'w anndan ou wè s'on kav
Tankou s'on kote yo konn simen pwav
Respekte moun ki renmen'w
Menm si'w paka renmen'l nan nivo ke'l renmen'w
An nou bay sa'k pi fèb yo lanmen
Fòk nou ini nou

Si'w g'on zanmi k'avè'w ki pa janm lage
Leve men'w anlè epi f'on shot
Si'w g'on zanmi' tonbe, kite'w ak dlo nan je
Rale boutèy ou epi pran on shot

Pou tout bon yo ann pran on shot
Pou tout sa k'ale yo ann pran on shot
Nan memwa yo an'n pran on shot
Pou tout sa'k tonbe yo ann pran on shot



Credits
Writer(s): Lord Jollissaint
Lyrics powered by www.musixmatch.com

Link