Ali 2006

Mwen sonje lè mwen
Te lekol
Nan kolèj
An Ayiti
Mwen te gen yon ban zanmi
Ki rele Ali
Oh depi tou piti
Bo lekol la, te gen yon ti plaj
Kite bèl et sovaj
Anpil pye kokoye tap promennen sou sab yo
Liann ak pye bwa te ofri paradi anba zomb yo

Mwen men avek Ali
Nan rekreyasyon midi
Nou te konn ale danse
Pike tet nan lanmè
Depi sou monm kalvè
Oh Ali
Li te toujou kenbe menm
Poum pa ale
Ale non fon lanmè nan peyi san chapo
Kay Agwe
Pou nou kab danse
Nan toubiyon dlo sale
Oh Ali

Sou rout lekol, lè nap tounen nou toujou achte fresko
Nan men Jako
Anba solèy cho
Kap boule po nou
Sèl lanmè blanchi pye nou
Pousyè lari a dechennen anba rou
Motosiklèt kap fè parad pou 5 goud
Kap fè parad pou 5 goud
Oh Ali

Mwen men avek Ali
Nan rekreyasyon midi
Nou te konn ale danse
Pike tet nan lanmè
Depi sou monm kalvè
Oh Ali
Li te toujou kenbe menm
Poum pa ale
Ale non fon lanmè nan peyi san chapo
Kay Agwe
Pou nou kab danse
Nan toubiyon dlo sale
Oh Ali

Mwen avek Ali
Nan lanmè
Mwen avek Ali
Oh Ali Ali
Pike tèt nan lanmè
Hey hey hey...
Oh Ali
Li te toujou kenbe menm
Poum pa ale
Ale non fon lanmè nan peyi san chapo
Kay Agwe
Pou nou kab danse
Nan toubiyon dlo sale



Credits
Writer(s): Dona Cetoute, Hey Dona
Lyrics powered by www.musixmatch.com

Link