La Vie

Lavi son boutey kleren
Pou moun problem ap domine
Lavi se yon moso pain
Pou malere ki paka manje
Lavie ka dous tankou siro miel
Epreuve ka koz li amè tankou fyèl
Gen pou moun Lavie son benediction
Pou kèk lot lavie son malediksyon
Lavie pap janm ka gen definisyon
La vie mande pou'w pran anpil prekosyon
La vie se tristès
La vie se kontantman
La vie se lanmou
Son ensemble de enchainement

Nenpòt Jan sa ye zanmi'm Kite'm jwi lavi'm
Maestro di nèg yo kiyès sa
Sa se Father Jay aaah

Frè mwen Mkonnen lavi a drol
Menm janm bib la se parabol
Se ou ki konn mizèw pou kòw
Ouk pou soti tet ou pou kòw
Frè mwen Mkonnen lavi a drol
Menm janm bib la se parabol
Se ou ki konn mizèw pou kòw
Ouk pou soti tet ou pou kòw

La vie se nesans
La vie se la mort
La vie son hazard
La vie son tirage au sort
La vie se bien ak mal
La vie ka bosal
Lavie ka fatal
E menm sentimental
Lavi se soufrans
La vie se abondans
Lavi tres frajil tankou yon asyèt fayans
Si nou viv nan renmen Lavi nou ka pi bèl
Ann nou tout fè yon sèl
Poun ka bay lavi yon chans

Si moun ap diw
Ke ou pa vo anyen
Di yo se ou ki mèt lavi'w
Pa janm kite cupiditè kouvriw
Li ka detwi laviw
Toujou sonje nan zanmiw plis konfye'w
Se li ki toujou trayi'w
Menm prop fanmi'w ka fé konplo
Maji pou yo ka detwi laviw

Frè mwen Mkonnen lavi a drol
Menm janm bib la se parabol
Se ou ki konn mizèw pou kòw
Ouk pou soti tet ou pou kòw
Frè mwen Mkonnen lavi a drol
Menm janm bib la se parabol
Se ou ki konn mizèw pou kòw
Ouk pou soti tet ou pou kòw



Credits
Writer(s): Daniel Lusen Gabriel
Lyrics powered by www.musixmatch.com

Link