Poukiw leve wale (feat. Julie)

Daly
Don't worry, yeah

Pouki w leve, w ale?
San w pa chèche konnen
Si mwen antò, si m inosan, honey

Pa pran poz inosan
Ou konn sa k te rive a
Pa mande m pou m pa ale
M p ap pran presyon

Ou koute medizan
K ap pote vini, pote ale
Mete n nan diskisyon
Fè n plede pale pou n divize

Fò w pa koute espyon, non, non, non
K ap pran poz bon patizan
Non, w pa prale

Fòk mwen ale
(Non, ou pa prale, honey)
Kite m ale
(Non, w pa prale)

Ou fin pran kè mwen, ou brize l
Ou blese nan m mwen jis nan zo
Pou ou m t ap met men m nan dife
Plede pou ou, tò ou rezon

Non, non, non
Doudou, omwen fò n kominike
M pa vle w ale san n pale
Pa koute bouch lasosyete
Ki pa janm vle wè moun damou

Moun ki vin di w la, pa konfye l
Se vre, l jalou jan l wè n damou
Moun ki vin di w la pa konfye l
Se vre, l jalou jan l wè n damou

Se sikre
Dous rapadou

Wo-oh-oh-oh-oh
Oh-oh-oh, oh
Wo-oh-oh-oh-oh
Oh-oh-oh, oh

Ou fè m pa kwè nan lanmou sa ankò
Yo toujou di m, men m potko janm vle kwè
Ou fè m pa kwè nan lanmou sa ankò
Yo toujou di m, men m potko janm vle kwè

Tande, gen zanmi w tou k konn fè m avans
M panse se rans, wo-oh-o-oh-oh
Mwen refize, m dekontwole
Men m pa t pran chans, adje

Ak mennaj ou, gen moun ou pa dwe fè konfyans, wo-oh-oh-oh
Bay tripotay pou n diskite
Pou n nan soufrans, adje-eh

Ou fè m pa kwè nan lanmou sa ankò
Yo toujou di m, men m potko janm vle kwè
Ou fè m pa kwè nan lanmou sa ankò
Yo toujou di m men m potko janm vle kwè

Wo-oh-oh-oh-oh
Oh-oh-oh, oh (Chacha Beats)
Oh-oh-oh-oh-oh

Wo-oh-oh-oh-oh
Oh-oh-oh, oh
Oh-oh-oh-oh-oh

Pou jan lèzòm jalou (pa okipe yo, se plas ou a yo vle)
Yo egri lè n damou (pa okipe yo se plas ou a yo vle)
Pou jan lèzòm jalou (pa okipe yo, se plas ou a yo vle)



Credits
Writer(s): Dalinx Noel
Lyrics powered by www.musixmatch.com

Link