Jezi Wooh!

Jezi Woooh!

Lè w santi w dekouraje
Lè w santi w pa ka kenbe
Lè w santi ou vle lage
Lè w santi ou pwale

Lè lafwa ou chavire
Lè espwa ou finn seche
Lè tout sa ou fè pa mache
Plenyen ka w bay Jezi

Jezi woooh - Hmmm
Jezi woooh - Hmmm
Jezi woooh - Hmmm
Jezi woooh

Lè pwoblèm yo anpile
Lè chagren pa vle lage w
Lè desepsyon vle trangle w
Doulè vle dechire w
Lè maladi finn touye w
Vòlè finn dechèpiye w
Tout sa w posede ale
Plenyen ka w bay Jezi

Jezi woooh - Hmmm
Jezi woooh - Hmmm
Jezi woooh - Hmmm
Jezi woooh

Jezi woooh - Hmmm
Jezi woooh - Hmmm
Jezi woooh - Hmmm
Jezi woooh

(Meditasyon) (*)
Kilès pou n ale jwenn
Kote kimoun pou n ale
Sinon Ou menm Jezi
Paske se Ou menm sèl
Ki kapab seche dlo nan je nou
Nan Ou menm sèl gen lavi Jezi
E se avèk Ou menm sèl
Nou santi nou byen
Jezi woooh
Chak fwa n fè soupi sa a
Se yon konsolasyon ki soti anlè
Ki desann sou nou
E ki vinn ede n
Pou nou kapab monte pant la
Jezi
Se chak jou
Nou vle lage kò n lan bra w
Se chak jou nou vle
Poze tèt nou sou kè w
Paske ou menm sèl kapab ede nou
Ou menm sèl kapab chanje lavi nou
E ou menm sèl kapab
Fè pwoblèm nou yo tounen solisyon
Jezi woooh
Men kè nou



Credits
Writer(s): Williams A Jeremie
Lyrics powered by www.musixmatch.com

Link