Otan

Èske w pa konnen sa ki rele renmen?
Pou jan ou toujou sou goumen
Èske, lè m plenyen, ou santi w pi byen?
Gad jan ou mache sou fyèl mwen

Pale avè w, sa tounen on pwoblèm
Gen lè w vle tou fini avè m nan, nan, oh, ouh, oh
Se tankou yon vye fantom mwen ye
Ou fè kòmsi mwen pa t egziste

Olye ou aksepte m
Ou pito refize m
Olye ou apresye m
Ou pito maltrete m
Di mwen non, oh, di mwen non
Kisa pou m fè? Oh, oh-oh-oh

Paske w pa konnen doulè kout kouto
W ap rache kè m an ti mòso
Paske tout pase w se vye eksperyans
Se mwen k ap peye konsekans

Jan ou chanje tounen yon mistè
Malgre m kriye, ou pa 'care', non, oh, ouh, oh
Se tankou yon andikap mwen ye
Akòz de ou, mwen p ap fonksyone

Olye ou aksepte m
Ou pito refize m
Olye ou apresye m
Ou pito maltrete m
Di mwen non, oh, di mwen non
Kisa pou m fè? Oh, ouh, oh

(Houw!) Oh, oh
Sa k pase w la?
Oh, oh

Oh, oh
Sa k pase w la?
Oh, oh

Sanble ou panse lanmou se ou k envate l
Ou fè tout sa ou vle
San yon ti resistans (mmmh, san yon ti resistans)
Yon jou ou gen pou chèche l, ou p ap jwenn li
Pito w repanse
Avan w replike

Wo-oh-oh, ou pa konn bonè m
Ou pa konn malè m
Chak jou ou antre, min ou mare
Ou tank on moun ki kontrarye, ouh-wo!

Mwen pa konn antre w
Mwen pa konn soti w
Se pa konsa n te kòmanse
Di m ki kote sa mal pase? Ouh-wo

Sanble ou panse lanmou se ou ki envate l
Ou fè tout sa ou vle
San yon ti resistans (san yon ti resistans)
Yon jou ou gen pou chèche l, ou p ap jwenn li
Pito w repanse
Avan ou replike

Oh-oh-oh, ou pa konn bonè m
Ou pa konn malè m
Chak jou ou antre, min ou mare
Ou tank on moun ki kontrarye, ouh-wo

Mwen pa konn antre w
Mwen pa konn soti w
Se pa konsa n te kòmanse
Di m ki kote sa mal pase? Ouh-wo

Oh, oh
Sa k pase w la?
Oh, oh

Oh, oh
Sa k pase w la?
Oh, oh

Lage djaz la! (M pa santi fanatik yo)
(Men yayad, men yayad)

Lanmou se pou ou (cheri, ou ban m agranman wi)
Lanmou pou mwen tou (m pa t konn koulè sa non)
Lanmou pou nou tout (adje!)

Lage djaz la! (M pa santi fanatik yo)
(Men yayad, men yayad)

Otan, otan
Mwen pa vle lanmou alanvè
Mwen p ap fè tout vi m nan lanfè

Otan, otan
Mwen pa vle lanmou alanvè
Mwen p ap fè tout vi m nan lanfè

Otan, otan
Mwen pa vle lanmou alanvè
Mwen p ap fè tout vi m nan lanfè

Otan, otan
Mwen pa vle lanmou alanvè
Mwen p ap fè tout vi m nan lanfè



Credits
Writer(s): Mackendy Talon
Lyrics powered by www.musixmatch.com

Link