Adikte

Genre: Konpa

stella#1

Gabel
AC

Ou konnen m'damou se pa de soufri w'ap fè m soufri
Depi nou renmen se nan 'on je zegwi m'ap promennen
Malgre mwen nan doulè, cheri ou nesesè
Mwen reyalize m'adikte m'adikte

Si m'al nan tribunal pou jij la mande m kite w
Mwen deja kondane wo oh oh
Yo mèt banm 30 ane se tap volontiers
Cheri w pa g'on lide jan w nesesè

Mwen genyen'w nan kè m ou se maladi m ou se doktè'm
E jan pawòl la di dwèt ou mèt santi w' pa ka jete'l
Malgre mwen nan doulè
M'reyalize m'adikte m'adikte

Si m'al nan tribunal pou jij la mande m kite w
Mwen deja kondane wo oh oh
Yo mèt banm 30 ane se tap volontiers
Cheri w pa g'on lide jan w nesesè

Pachou
Dwèt sa a etènèl

Ou s'on mal nesesè
Cheri m'pap janm kite w
Menm si w'ap ban m kristè
Cheri m'pap janm kite w

Cheri, voye je ou sou mwen
Konnen san ou jounen m pa gen demen
Baby, voye je ou sou mwen
Konnen san ou jounen m pap gen demen

Si w ta yon dife mwen mèt boule – oh oh mwen pa negosye w
Si w ta yon virus m'ap kontamine
Si w pral nan lanfè m'prale avè w – oh oh mwen pa ka kite w
Depi mwen avè w se gaz kole

M'adikte Ou s'on mal nesesè
Cheri m'pap janm kite w
Menm si w'ap ban m kristè
Cheri m'pap janm kite w

M' adikte



Credits
Writer(s): Juliette Coulombe
Lyrics powered by www.musixmatch.com

Link