Zanmi

Sa'w pa konnen pi gran pase'w
Se sa ke yo di
Lè yon moun kontrarye, li di sa li vle
Pasyon'l gen dwa monte'l fè'l fè tenten
Sa ka rive
Mesye fò'n reflechi avan'n aji
Sa se lwa'd lanati

Ou li men pouki sa l'oblije pa ri

Fanm sa se zanmi'm li ye
Li renmen'm, mouin renmen'l tou
Pa gen anyen m'pap fè pou li
Pa gen dwa pou'w fè jalouzi, se zanmi'm li ye
Lè'w wè'l avè'm ou pe apwoche'l
Akize'm de sententeromp
Nan jéw mouin se yon deranjè
M'toujou avè'l nenpòt kilè ou pèdi chans ou

Men si se vre ou renmen fanm'm sa a
Ou mèt vin'n pale avè'l
M'pap janm ka kontrarye'w
Si ou serye ou mèt aproche'l
Di'l tout sa ki nan kè'w pou li
San fè de demagoji
Jodi a l se zanmi'm demen ka madan'm ou
L'ap toujou rete zanmi'm

Se Zanmi'm li ye
Se Zanmi'm li ye Se Zanmi'm
Li pa oblije fan'm mwen

Mouin renmen fanm sa tankou sè'm
Mwen se Anj Gadyen'l
Pa gen moun ki ka fè'l mal
M'ap toujou bò kote'l
Djòb mouin se pou'm pwoteje'l
Si laj vrèman amèn la rezon
Gen yon jou wa konpran'n
Ke lamitye se y'on santiman sakre
Ke nou toujou maltrete

Se Zanmi'm li ye
Se Zanmi'm li ye Se Zanmi'm
Li pa oblije fan'm mwen

Pou ki yo di gason ak fi pa ka zanmi
E m konnen san la fam gason pa gen lavi
Lamitye pa dwe gen fòs kote
Gason ak fi ka byen san zenterè
Lavi a semp, lavi a kout
Eseye viv li san komplikasyon

Farah se zanmi'm
Yon jou m'gen dwa l envite'm nan sinema
Li pa oblije fanm mouin
Maggy se zanmi'm
Nou gen dwa nan telefòn tout lajounen
Li pa oblije fanm mwen
Poutèt n'ale nan cinema
Li pa oblije fanm mwen
Li pa oblije fanm mwen
Ooooo, Li pa oblije fanm mwen
Se yon zanmi li ye pou mwen

Likrès se zanmi'm
M'gen dwa pran tan'm pou admire'l

Poutèt mwen pran tan'm pou admire'l
Li pa oblije fanm mwen



Credits
Writer(s): Nickenson Prudhomme, Marc Lubin
Lyrics powered by www.musixmatch.com

Link