Lavi Se ...

Lavi se yon kado, men li pa fè kado
Lavi se yon bato, fòw rame pouw vanse
Gen sak fèk komanse, yo deja vle rive
Lavi s'on eskalye mach pa mach pouw monte
Chak fwa yon moun mouri, se yon rapèl pou ou,
Pou ou k viv lavi kòmsi'l pap janm fini

Lavi se yon lekòl, fòw fè erè pou'w ka aprann
Lavi se yon jaden, sa'w plante se sa'w rekòlte (2×)

Pa di wa fè madi sa ou k fè lendi,
madi ka byen rive, men ou ka pa janm leve
Lavi ou ka fini a nenpòt kèl moman
Chak jou viv lavi ou kòmsi c dènye jou
Gen moun kap mache fè sa yo pa gad dèyè
Lavi s'on boul kap woule, sa'w fè se li ou wè

Lavi se yon lekòl, fòw fè erè pou'w kab aprann
Lavi se yon jaden, sa'w plante se sa'w rekòlte (2×)

Ou t vin sou latè san richès toutouni
Wap tounen anba tè menm jan ou t vini
Tout byen materyèl pa ka mennenw nan syèl, se richès spirityèl kap ba'w vi etènèl

Lavi se yon lekòl, fòw fè erè pou'w kab aprann
Lavi se yon jaden, sa'w plante se sa'w rekòlte(2×)

Lavi se yon lekòl
Lavi se yon jaden
Lavi se yon lekòl
Lavi se yob jaden



Credits
Writer(s): Williams A Jeremie
Lyrics powered by www.musixmatch.com

Link