Nòtredam bon Manman

Woule wòch la, Woule wòch la
Woule wòch la, Woule wòch la, Woule wòch la
Woule wòch la, Woule wòch la
Woule wòch la, Woule wòch la, Woule wòch la

Ou wè lavi yon moun, se yon gwo mistè
Si'm pa rakonte w ou pap janm konnen
Gen defwa m wè m ap viv, mwen pa konn sa k kenbe m
Tout efò mwen fè, se kòmsi m pat janm fèt
Tande e e
Mwen leve m al priye, pou m ka libere
Kont tout sa y' akize m ki ban m kè kase
Adye e e
Se konsa mwen lage m, m di Manman kote w ye
Aprè m rete m gade, mwen wè mwen delivre

O Nòtredam ou se yon bon manman
Ou toujou prezan nan tout ti detay
Lè m gen pwoblèm se ou mwen rele
Ou toujou la, mwen pa janm desi
Imakile w se yon fanm san tach
Nòtredam Dè sèt doulè ou konn tout doulè
O Pèpetyèl ou kon bay sekou
Nòtredam Daltagras se ou k konn bay gras

Malfektè deklare m, ke m pap janm anyen
Toutotan y'ap viv, se trennen pou m trennen
Nan plenyen m'ap plenyen, m di manman men mwen
Ou di m bouke plenyen, se mennen m pral mennen
Tande e e
Tout sa k te tann pèlen, lè yo wè m yo jennen
Yo pa ka fè m anyen, yo pot dlo nan panyen
Adye e e
Apre de twa semenn, san mwen pa jennen
Anlè m leve de menm pou m temwanye sa m jwenn

O Nòtredam ou se yon bon manman
Ou toujou prezan nan tout ti detay
Lè m gen pwoblèm se ou mwen rele
Ou toujou la, mwen pa janm desi
Imakile w se yon fanm san tach
Nòtredam Dè sèt doulè ou konn tout doulè
O Pèpetyèl ou kon bay sekou
Nòtredam Daltagras se ou k konn bay gras

Mwen fini etid mwen, m pa ka jwenn anyen
Yo ban m randevou, men s'yon gadavou
Lè konsa pwòp fanmi m vin bouke avè m
Paske m pa gen anyen, yo pa ban m valè
Tande e e
Manman m pa gen pèsòn, tout zanmi m lage'm
Paske mwen pap travay, tout moun abandone m
Adye e e
Se konsa m pran kriye, mwen di manman ede m
Bondye frape pye l. Gen y'gwo chenn ki pete

Alelouya

Met konfyans ou nan bondye
Wòch yo va woule pou ou

Alelouya
Alelouya

Manman mari o
Woule wòch la pou nou non

Woule wòch la, Woule wòch la
Woule wòch la, Woule wòch la, Woule wòch la
Woule
Pou sa k pap travay yo
Pou sa y'akize yo
Sa ki malad yo
Sou sa k pèsekite

Woule wòch la, Woule wòch la
Woule wòch la, Woule wòch la, Woule wòch la

Alelouya



Credits
Writer(s): Manès Morin
Lyrics powered by www.musixmatch.com

Link