Sou Jenou m

Kòk chante
Solèy parèt nan syèl la
Mpoko menm leve
Yon lo pwoblèm anvayi pense m
Men sa pap pase
Mwen louvri je m
Yon bann opòtinite ap gade m
Mpoko menm leve
Yon la perèz anvayi m
Sa sa ye
Mdeklare sa pap pase
Mpap kite lenmi an gache
Jounen sa mwn pral dedye l sou jenou m

Mgen pwomès
Mkwè se sezon m'nan ki rive
Lenmi yo tande
Kijan map louwe
Kijan map danse
men sapagade m
Mse pitit BonDye
Rele m co-heritier Jezikri
Se desten 'm pou m' briye
ou mèt akize m
Di m pa kalifye
Mdeklare sa pap pase
Mpap kite lenmi kontrarye m
Viktwa sa a mwen pral dedye l
Sou jenou m

Depi l fè jou mwn leve mwn leve
Sou jenou m
A midi mwn leve demen m anlè
Mwen louwe 'W
Anvan m' dòmi m'ateri m'ateri
Sou jenou m
Viktwa m' se mwen k'aktive l'
Sou jenou m

Mwen debloke tout pwovizyon mwen
Mwen aktive benediksyon mwen
lènmi m yo tranble yo dispèse lè m sou jenou m



Credits
Writer(s): Stanley Georges
Lyrics powered by www.musixmatch.com

Link