Poëma

Mèvèy se non mwen
Nati mwen, Senyè mwen
M'se yon mèvèy
Powèm se fòm mwen
M'gen lespri Ou nan mwen
M'se yon chedèv
Vi mwen kòmanse
Lè Ou resisite
Mwen leve
Poum al kontinye
Travay Ou kòmanse

M'ap renonse
A tèt mwen BonDye
kite lespriw mennen 'm sou lapli nan solèy
Renmen sila yo k' lwen'w
Louvri zye sa k' nan chenn
Sove yo
Mwen vle sonje mkrisifye avèk Ou
Si 'm ka renmen se Ou kap renmen nan mwen
Ou vin abite nan mwen
Pouw lonje yo lanmen
Anverite sa s'on

Mèvèy Etènèl
Se don mwen
Jezu w se vi Etènèl
Mwen vin Sen pa akoz zèv mwen
Men akoz saw fè
Lè w te vin chanje plas avèk mwen

Vi mwen kòmanse
Lè ou Resisite
Mwen leve, pou'm al kontinye
Travay ou kòmanse

Map renonse
A tèt mwen, BonDye
kite lespriw mennen m sou lapli nan solèy
Renmen sila yo k lwen
Louvri zye sa k nan chenn
Sove yo
Mwen vle sonje m'krisifye avèk Ou
Sim ka renmen se Ou kap renmen nan mwen
Ou vin abite nan mwen
Pouw lonje yo lanmen
Anverite sa s'on mèvèy

Jodiya nou se pwezi
Nou se mizik
Kreyati tou nèf
Ou fè nan JeziKri
Ki pou travay
Fè bel bagay
Ou te prepare davans



Credits
Writer(s): Stanley Georges
Lyrics powered by www.musixmatch.com

Link