Danré ra

Toujou nan telefòn nou konvèse
N'ap pataje de bèl ide
Nan vwa m m'santi yon hit ak bèl pawòl
Bèl melodi pou m fredone
Yon danre ra k' pa pouse tout kote
Mwen ta renmen rekolte
Pou ou m'pap janm sispann ekri, chante
Jiskaske souf mwen koupe
Yon ti suk k' pa detenn se sa ou ye
Yon fanm ki ka jere 'on fwaye
Mwen vle jwi karaktè w, vle bò kote w
Vle pran sant kò w jou kou lan nwit
Avè w vi m pwolonge dix ans de plus
Fache avè w m'bay dlo tankou lapli
Cheri se ou menm ki ban mwen lavi
Evite m tout gwo maladi
Lanmou janbe katye, li janbe dlo
Kèlkeswa kote nou ye, lanmou ka triyonfe
Depi nou konvèse, nou ka kenbe
Se lanmou ki fè n kanpe, lanmou ki dirije
Se toujou konsa, toujou gen ti joure nan yon relasyon
Sitou lè n pap viv menm kote
Yo toujou vle pou boykote lanmou
Se poutèt sa fò n toujou goumen pou n jwenn yon solisyon
Nou gen pou n fè moun sa yo wont cheri
Lanmou sa a garanti
Cheri fò n f'on ti dyaloge
Oh oh Lanmou janbe katye, li janbe dlo
Kèlkeswa kote nou ye, lanmou ka triyonfe
Depi nou konvèse, nou ka kenbe
Se lanmou ki fè n kanpe, lanmou ki dirije
Tande
Yo di lanmou pa janbe dlo
Se janm vre
Relasyon konsa se fado
Se janm vre
Cheri padone yo souple
Se janm vre
Pou mwen se inosan yo ye
Yo di lanmou pa janbe dlo
Se janm vre
Relasyon konsa se fado
Se janm vre
Cheri padone yo souple
Se janm vre
Se inosan yo ye
Lanmou janbe katye, li janbe dlo
Kèlkeswa kote nou ye, lanmou ka triyonfe
Depi nou konvèse, nou ka kenbe
Se lanmou ki fè n kanpe, lanmou ki dirije



Credits
Writer(s): Ricot Amazan, Olivier Patrick Duret
Lyrics powered by www.musixmatch.com

Link