Fête patronale

Gade Kijan m'santi m'boulvèse
Gade kijan m'santi m'annwiye e e
Mwen chita m'ap reflechi
Touswit m'ap chèche y'pwogram

Mwen deside f'yon pelerinaj
E m'pwofite swiv yon nevèn
Pandan nèf jou youn dèyè lòt, lapriyè tonbe

M'di Bondye kase chenn yo
Pou omwen m'ka delivre
Nan bel fèt patwonal sa a

Jou fèt la se gwo koze
Dyaspora yo debake
Pèleren fè mikalaw

Tout moun vin dèyè kichòy
Gen sa k'vin pou bon plezi
Gen lòt moun se temwayaj

Gade kijan Bondye
Delivre mwen
Gade kijan Bondye
Kase chenn yo
Gade kijan Bondye
Lage kòd yo
Gade kijan Bondye
Woule woch yo

Depi lontan te toujou gen fèt
Ti Jezi, Mari ak Jozèf
Te konn al nan pèlerinaj
Nan tanp lan, Jerizalèm

Moun toupatou te konn rasanble
Pou monte al lapriyè
Tout te tounen ak kè kontan
Se fèt patwonal pa yo

Ane sa a mwen deklare
Mwen pap tounen ak bòl mwen vid
Fòk kanmenm mwen delivre

Jou fèt la se gwo koze
Klòch Legliz ap karyonnen
Tout vil la an aktivite

Nan lari se pwosesyon
Plas piblik se gwo koudyay
Pèleren yo ape chante

Gade kijan Bondye
Delivre mwen
Gade kijan Bondye
Kase chenn yo
Gade kijan Bondye
Lage kòd yo
Gade kijan Bondye
Woule woch yo

Ou vin priye
Men fò w gen lafwa wi

Jou fèt la se gwo koze
Machin trafik yo byen chaje
Otèl yo pa gen plas ankò
Pèleren ap pote boure
Otorite ap prepare yo
Etranje ap debake

Hheyyy
Vil la chofe
Se fèt pawas la
Se fèt lakay
Chanpay ap koule

Pòv yo menm se paka pa la
Tout timoun ap monte desann
Granmoun yo ap fè memwa
Se sa k'bay sans fèt tradisyonèl

Vil la chofe
Se fèt pawas la
Se fèt lakay
Chanpay ap koule

Legliz la ranpli kou ze
Sekirite ap monte desann
Pè sòti toupatou
Presbitè chaje koule ba
Hey

Vil la chofe
Se fèt pawas la
Se fèt lakay
Chanpay ap koule

An alee

Tout asanble a
Leve men nou

Leve leve leve leve leve
N'ap koule bweson

Gras pral tonbe la a. An ale

Gras, mwen vin mande gras
Hoooohh
Gras pou fwaye'm, gras pou fanmi m', gras pou peyi m'
Jodia, mwen vin mande gras

Sa k'te vini pou yon konvèsyon
Sa k'te vini pou yon gerizon
Sa k'te vini pou yon kle kay
Sa k'te vini pou yon pitit

Heeehh! An ale

Gras, mwen vin mande gras
Gras pou fwaye'm, gras pou fanmi m', gras pou peyi m'
Jodia, mwen vin mande gras

Sa k'te vini pou yon maryaj
Sa k'te vini pou liberasyon
E mwen menm mwen konble ak gras
Mwen pa ka pa temwanye

E ou menm! An ale

Gras, mwen vin mande gras
Fè sa w vle
Gras pou fwaye'm, gras pou fanmi m', gras pou peyi m'
Jodia, mwen vin mande gras

Jodia, mwen vin mande gras

Gras, mwen vin mande gras

Ou menm tou, fò'w temwaye



Credits
Writer(s): Manès Morin
Lyrics powered by www.musixmatch.com

Link